read aloud text to build background knowledge...

47
Grade 1. Theme 3 Gr1-Q2-Theme: 3, Ann Gade Alantou Nou, Week 11 Read Aloud Text to build background knowledge about Coyotte Materials: North & South America Map, pictures of dogs, woof, fox and other animals Koyòt Koyòt se yon mamifè nan fanmi bèt kanibal, sa vle di li gen manmèl pou bay pitit li tete epi li manje lòt bèt tou. Koyòt viv toupatou nan Etazini eksepte owayi (Hawai). Koyòt viv tou omeksik (Mexico), kanada (Canada) ak lòt peyi nan lamerik santral. Koyòt travay ansanm pou chase lòt bèt pou yo manje. Yo chase sourit, koulèv, zwazo ak sèf. Nan sezon lotòn ak live, yo ka manje grenn bwa, legim ak fwi. Yon manman Koyòt ka fè ant youn ak diznèf pitit chak de mwa. Men yo pi fè pitit ant mwa fevriye ak avril. Ti bebe yo fèt tou avèg men nan dis jou zye yo louvri. Tout bèt nan bwa gen yon sèl chante. Men Koyòt ka jape tankou kouzin li chen, li kriye tankou kouzin rena epi li ka chante tankou plizyè lòt bèt. Pafwa gen moun ki ka konfonn yon koyòt pou chen. Men gen yon gwo diferans. Koyòt mache ak ke li anba men chen ak rena mache ak ke yo anlè. Oral Language Comprehension: 1.Nan ki peyi koyòt viv? 2.Ki peyi nan etazini ki pa gen Koyòt ? 3.Poukisa w kwè Koyòt travay ansanm pou chase? 4.Konbyen piti yon manman Koyòt ka fè? 5. Ki lòt bèt ki gen nan fanmi Koyòt ? 6.Kisa yon koyòt ka fè, lòt bèt pa ka fè? 7. Ki diferans ki genyen ant yon chen ak yon koyòt ? 8. Poukisa moun ka konfann koyòt ak chen?

Upload: lamnhan

Post on 04-May-2019

213 views

Category:

Documents


0 download

TRANSCRIPT

Page 1: Read Aloud Text to build background knowledge aboutbilingual.dadeschools.net/BEWL/lang_arts_hc/1_hc/gr1_activities/gr1_Q2_Activities/gr1... · Materyèl: foto ewo nou yo, kat peyi

Grade 1. Theme 3

Gr1-Q2-Theme: 3, Ann Gade Alantou Nou, Week 11

Read Aloud Text to build background knowledge about Coyotte

Materials: North & South America Map, pictures of dogs, woof, fox and other

animals

Koyòt

Koyòt se yon mamifè nan fanmi bèt kanibal, sa vle di li gen manmèl pou bay pitit

li tete epi li manje lòt bèt tou. Koyòt viv toupatou nan Etazini eksepte owayi

(Hawai). Koyòt viv tou omeksik (Mexico), kanada (Canada) ak lòt peyi nan

lamerik santral.

Koyòt travay ansanm pou chase lòt bèt pou yo manje. Yo chase sourit, koulèv,

zwazo ak sèf. Nan sezon lotòn ak live, yo ka manje grenn bwa, legim ak fwi.

Yon manman Koyòt ka fè ant youn ak diznèf pitit chak de mwa. Men yo pi fè pitit

ant mwa fevriye ak avril. Ti bebe yo fèt tou avèg men nan dis jou zye yo louvri.

Tout bèt nan bwa gen yon sèl chante. Men Koyòt ka jape tankou kouzin li chen, li

kriye tankou kouzin rena epi li ka chante tankou plizyè lòt bèt. Pafwa gen moun ki

ka konfonn yon koyòt pou chen. Men gen yon gwo diferans. Koyòt mache ak ke li

anba men chen ak rena mache ak ke yo anlè.

Oral Language Comprehension:

1.Nan ki peyi koyòt viv?

2.Ki peyi nan etazini ki pa gen Koyòt ?

3.Poukisa w kwè Koyòt travay ansanm pou chase?

4.Konbyen piti yon manman Koyòt ka fè?

5. Ki lòt bèt ki gen nan fanmi Koyòt ?

6.Kisa yon koyòt ka fè, lòt bèt pa ka fè?

7. Ki diferans ki genyen ant yon chen ak yon koyòt ?

8. Poukisa moun ka konfann koyòt ak chen?

Page 2: Read Aloud Text to build background knowledge aboutbilingual.dadeschools.net/BEWL/lang_arts_hc/1_hc/gr1_activities/gr1_Q2_Activities/gr1... · Materyèl: foto ewo nou yo, kat peyi

Grade 1. Theme 3

Tit Istwa a: Yon Koyòt

1. Ki sa Koyòt la tap fè nan kòmansman istwa a?

_______________________________________________________________

2. Kisa Koyòt la tap fè alafen istwa a?

______________________________________________________________

3. Nan paj 5 la, kisa Koyòt la tap fè?

_____________________________________________________________

Ansèkle mo ki rime nan mo sa yo:

4.Kouri jwe voltije mouri

5.Aswè bwa bwè manje

Fè foto kòyòt ou pi renmen an, di pou kisa ou renmen l

Page 3: Read Aloud Text to build background knowledge aboutbilingual.dadeschools.net/BEWL/lang_arts_hc/1_hc/gr1_activities/gr1_Q2_Activities/gr1... · Materyèl: foto ewo nou yo, kat peyi

Grade 1. Theme 3

Gr1-Q2-Theme 3: Ann Gade Alantou Nou-Cultural Awareness:Haitian History; Batay Vètyè-

Week 13

Tit: Istwa Batay Nan Vètyè Ote: Yolande M . Pierre

Materyèl: foto ewo nou yo, kat peyi d’Ayiti, video on lines: google Haiti’s Hidden Treasures II,

www.haitaintreasures.com on line documentary

Short Text from: Ti liv Konpreyansyon page L56, find a copy just in case you do not have the

book.

Pwezi below may be used as a Read aloud to introduce the Historical event or/or adapted to

age and grade level

Kat d’Ayiti – Gade Okap (Cap-Haitien) nan Nò peyi a

Foto Nèg Mawon enkoni- pou onore tout esklav mawon ki te goumen pou libète

Page 4: Read Aloud Text to build background knowledge aboutbilingual.dadeschools.net/BEWL/lang_arts_hc/1_hc/gr1_activities/gr1_Q2_Activities/gr1... · Materyèl: foto ewo nou yo, kat peyi

Grade 1. Theme 3

Pwezi: Batay de Vètyè

Vètyè se yon plas nan rejyon nò peyi d’Ayiti.

Se nan mòn Vètyè esklav mawon yo te konn kache.

Se nan Vètyè Boukman te òganize seremoni Bwa Kayiman.

Se nan Vètyè le 14 out 1791 esklav yo rasanble pou di ase!

Se nan Vètyè kokenn batay pou endepandans la te koumanse.

Se nan Vètyè blan franse te touye Boukman.

Se pou tèt Vètyè blan te arete Toussaint Louverture

Se nan Vètyè Desalin, Petion, Kristòf ak zòt

Te Kontinye Batay libète a

Se nan Vètyè twoup esklav yo te bat blan franse yo

Se gras ak Vètyè lame Napoleon an vole baryè

18 novanm 1803, Ayiti pran nesans

Se gras ak Vètyè Ayiti yon peyi lib

Jean Jacques Dessalines Esklav ak batay ak blan franse nan Vètyè

Jan Jak Desalin

Page 5: Read Aloud Text to build background knowledge aboutbilingual.dadeschools.net/BEWL/lang_arts_hc/1_hc/gr1_activities/gr1_Q2_Activities/gr1... · Materyèl: foto ewo nou yo, kat peyi

Grade 1. Theme 3

Francois Capois –Kapwa Lamò Henri Christophe – Anri Kristòf

Alexandre Petion Estati Esklav nan Vètyè

Aleksann Petyon

Page 6: Read Aloud Text to build background knowledge aboutbilingual.dadeschools.net/BEWL/lang_arts_hc/1_hc/gr1_activities/gr1_Q2_Activities/gr1... · Materyèl: foto ewo nou yo, kat peyi

Grade 1. Theme 3

Vètyè

Vètyè se yon gwo plas istorik. Se la pi gwo batay la te fèt pou ayiti te vin lib. Li genyen estati tout gwo ewo ayisyen yo. Vètyè se yon zòn nan Okap.

Reponn Kesyon anba yo

1. Kisa Vètyè ye?

_________________________

2. Kisa kite pase Vètyè?

________________________

3. Kisa nou jwenn nan Vètyè?

_______________________

4. Ki kote Vètyè ye?

___________________________

Page 7: Read Aloud Text to build background knowledge aboutbilingual.dadeschools.net/BEWL/lang_arts_hc/1_hc/gr1_activities/gr1_Q2_Activities/gr1... · Materyèl: foto ewo nou yo, kat peyi

Grade 1. Theme 3

Gr1-Q2- Theme 4: Zanmi ak Fanmi, Holidays: Cultural Awareness, Week 14

Non: _________________________ Dat: _____________

Tit Istwa: Pèleren Nan Lamerik – Istwa # 1 Otè: Yolande Pierre

Pèleren yo te soti nan peyi Langletè. Yo te vwayaje nan

yon gwo bato ki te rele “Mayflower”. Te gen gason, fi, ak

timoun nan bato a. Yo te Pè. Men apre de mwa sou lanmè, yo

te rive nan peyi Lamerik nan lane 1620.

Ann konprann Istwa a: Sèvi ak mo nan istwa a pou fini fraz yo.

1. Pèsonaj ki nan istwa se _________________________.

2. Pèleren yo te soti nan peyi ______________________.

3. Yo te vini nan peyi _____________________________.

4. Yo te vwayaje nan Yon _________ ki te rele Mayflower.

5. Yo te pase _______ ______________ ap vwayaje nan

bato a sou lanmè.

Page 8: Read Aloud Text to build background knowledge aboutbilingual.dadeschools.net/BEWL/lang_arts_hc/1_hc/gr1_activities/gr1_Q2_Activities/gr1... · Materyèl: foto ewo nou yo, kat peyi

Grade 1. Theme 3

Bato

Glòb

Page 9: Read Aloud Text to build background knowledge aboutbilingual.dadeschools.net/BEWL/lang_arts_hc/1_hc/gr1_activities/gr1_Q2_Activities/gr1... · Materyèl: foto ewo nou yo, kat peyi

Grade 1. Theme 3

Pèleren/ pèlren

Page 10: Read Aloud Text to build background knowledge aboutbilingual.dadeschools.net/BEWL/lang_arts_hc/1_hc/gr1_activities/gr1_Q2_Activities/gr1... · Materyèl: foto ewo nou yo, kat peyi

Grade 1. Theme 3

Non: _____________________________ Dat: ____________

Pèleren Nan Lamerik – Istwa # 2 Otè: Yolande Pierre

Zanmi Ede Zanmi

Nan lane 1620, Pèleren yo debake nan vil Masachisèt

(Massachussett). Endyen natif natal yo ede yo bati kay pou

yo rete. Endyen yo montre yo kijan pou plante, chase bèt

nan bwa pou jwenn vyann ak peche pwason. Endyen ak

Pèleren yo vini bon zanmi. Ansanm yo selebre premye fèt

aksyon de gras an Novanm 1620.

Ann konprann istwa a

Direksyon : Tcheke wi oswa non pou reponn keksyon yo.

1. Premye moun ki te abite nan Lamerik se Endyen. [ ] Wi [ ] Non

2. Pèleren yo te ede Endyen yo. [ ] Wi [ ] Non

3. Nan lane 1620, Endyen yo vini nan Masachisèt. [ ] Wi [ ] Non

4. Endyen ak Pèleren te Zanmi. [ ] Wi [ ] Non

Page 11: Read Aloud Text to build background knowledge aboutbilingual.dadeschools.net/BEWL/lang_arts_hc/1_hc/gr1_activities/gr1_Q2_Activities/gr1... · Materyèl: foto ewo nou yo, kat peyi

Grade 1. Theme 3

Pèleren ak Endyen Devan Legliz

Pèleren

Page 12: Read Aloud Text to build background knowledge aboutbilingual.dadeschools.net/BEWL/lang_arts_hc/1_hc/gr1_activities/gr1_Q2_Activities/gr1... · Materyèl: foto ewo nou yo, kat peyi

Grade 1. Theme 3

Pèleren ap Travay

Endyen Natif Natal

Page 13: Read Aloud Text to build background knowledge aboutbilingual.dadeschools.net/BEWL/lang_arts_hc/1_hc/gr1_activities/gr1_Q2_Activities/gr1... · Materyèl: foto ewo nou yo, kat peyi

Grade 1. Theme 3

Non: ______________________________ Dat: ____________

Pèleren Nan Lamerik – Istwa # 3 Otè : Yolande Pierre

Premye Fèt Aksyon DeGras

Endyen ak Pèleren yo selebre premye fèt de remèsiman pou twa jou.

Pèleren yo te vle di Endyen yo mèsi paske yo te ede yo. Nan gwo fèt sa,

chak moun pote yon bagay pou pataje. Te gen patat, joumou, kodenn,

mayi, fwi ak anpil lòt manje. Ti moun ak granmoun te manje

vantdeboutonnen (vant-de-bou-ton-nen). Yo te jwe boul, danse ak fete

tout jounen ak lannwit. Depi lè sa a, chak ane tout vil nan Etazini

selebre Fèt Remèsiman (Re-mè-siman, oswa Aksyondegras (Ak-syon-

de-gras) chak twazyèm jedi mwa novanm.

Ann konprann Istwa a : Sevi ak mo nan bwat la pou fini fraz yo.

Jou - pataje - novanm --- mèsi - Pèleren

1. Endyen ak Pèleren yo _________________ anpil manje nan

premye fèt Aksyondegras la.

2. Pèleren yo te vle di Endyen yo _____________________ pou ede

yo.

3. Yo te selebre pandan twa _________________________.

4. _________________ yo ak Endyen yo te zanmi.

5. Nou selebre fèt Aksyondegras nan mwa ______________

Page 14: Read Aloud Text to build background knowledge aboutbilingual.dadeschools.net/BEWL/lang_arts_hc/1_hc/gr1_activities/gr1_Q2_Activities/gr1... · Materyèl: foto ewo nou yo, kat peyi

Grade 1. Theme 3

Fi Pèleren ak Fi Endyen pote mayi

Fanmi Pèleren ap prepare manje

Page 15: Read Aloud Text to build background knowledge aboutbilingual.dadeschools.net/BEWL/lang_arts_hc/1_hc/gr1_activities/gr1_Q2_Activities/gr1... · Materyèl: foto ewo nou yo, kat peyi

Grade 1. Theme 3

Kodenn Fwi ak legim

Kodenn

Mayi

Page 16: Read Aloud Text to build background knowledge aboutbilingual.dadeschools.net/BEWL/lang_arts_hc/1_hc/gr1_activities/gr1_Q2_Activities/gr1... · Materyèl: foto ewo nou yo, kat peyi

Grade 1. Theme 3

Patat

Manyòk

Page 17: Read Aloud Text to build background knowledge aboutbilingual.dadeschools.net/BEWL/lang_arts_hc/1_hc/gr1_activities/gr1_Q2_Activities/gr1... · Materyèl: foto ewo nou yo, kat peyi

Grade 1. Theme 3

Gr1-Q2-Theme 4; Zanmi ak Fanmi, week 15

Non: _________________________ Dat: ____________________________

Tit Liv La: Jak ak Mak

Premye Jou:

A. Vokabilѐ: 1. Leve 2. Tas 3. Nat 4. Chat 5. sal 6. Tab 7. Rale 8.

Nap 9. Pantalon 10. Kad

B. Montre foto yo epi diskite chak paj espesyalman koulѐ rad ak sak chak tigason yo.

C. Pwofesѐ a li istwa a ot vwa epi diskite ak elѐv yo.

D. Kopye vokabilѐ yo epi fè desen pouilistre mo yo.

Dezyѐm Jou:

A. Revize vokabilѐ mo yo: idantifye vѐb, non ; fѐ kѐk fraz

B. Li istwa Jak ak Mak ak elѐv yo.(Echo repetisyon)

C. Konpare Jak ak Mak nan yon Venn Diagram

D. Fini ak dekore Venn Diagram

Twazyѐm Jou

A. Revize vokabilѐ mo yo: idantifye mo ki kòmanse ak menm son ak mo ki rime

B. Reli istwa a, repetisyon –

C. Idantifye problem ak solisyon nan istwa a

D. Fѐ foto yon pwoblem epi ekri yon fraz

Katryѐm jou

A. Revize vokabilѐ; Dikte

B. Klas la li istwa ya an group

C. Repete istwa nan lòd ( Sak pase anvan- nan mitan- a lafen)

Page 18: Read Aloud Text to build background knowledge aboutbilingual.dadeschools.net/BEWL/lang_arts_hc/1_hc/gr1_activities/gr1_Q2_Activities/gr1... · Materyèl: foto ewo nou yo, kat peyi

Grade 1. Theme 3

Non ________________________ Dat: __________________________

Istwa: Jak ak Mak

Reponn keksyon yo daprѐ istwa a

1. Ekri non pѐsonaj ki nan istwa a.

__________________________________________________________________

___________________________________________________________________

2. Ki koulѐ mayo Jak?

___________________________________________________________________

___________________________________________________________________

3. Ki koulѐ pantalon Mak?

___________________________________________________________________

__________________________________________________________________

4. Pou kisa Jak tap goumen ak Mak?

___________________________________________________________________

__________________________________________________________________

5. Sou kisa Mak dòmi?

_______________________________________________________________

______________________________________________________________

6. Kisa manman tigason yo di lѐ yo tap goumen?

___________________________________________________________________

___________________________________________________________________

Page 19: Read Aloud Text to build background knowledge aboutbilingual.dadeschools.net/BEWL/lang_arts_hc/1_hc/gr1_activities/gr1_Q2_Activities/gr1... · Materyèl: foto ewo nou yo, kat peyi

Grade 1. Theme 3

Gr1-Q2-Theme : Zanmi ak Fanmi, Holidays: Cultural Awareness- Week 17

Non: ____________________________ Dat: _________________

Tit Istwa a: Kimoun Tonton Nwèl Ye? Otè a: Yolande Pierre

Tonton Nwèl se yon gwo gason. Li toujou abiye ak kostim wouj li. Vant li

gwo epi bab li blan kou lanèj. Lè li ap vini tout moun konnen paske nou ka tande

vwal kap chante: “Ho! Ho! Ho!. Li pote anpil kado pou timoun ki koute manman

yo, papa yo ak tout pwofesè yo. Eske ou te fè bon timoun pou tout ane a?

Aktivite

Direksyon: Konplete fraz sa yo pou fini istwa a.

Tonton Nwèl se yon gwo _____________.

Li toujou abiye avèk kostim _______________ li.

Bab li _________________ kou lanèj epi vant li ______________.

Li pote kado pou timoun ki _____________ manman yo ak papa yo.

Fe foto Tonton Nwèl epi kolore l.

Page 20: Read Aloud Text to build background knowledge aboutbilingual.dadeschools.net/BEWL/lang_arts_hc/1_hc/gr1_activities/gr1_Q2_Activities/gr1... · Materyèl: foto ewo nou yo, kat peyi

Grade 1. Theme 3

Non: ____________________________ Dat: _________________

Tit Istwa a: Kimoun Tonton Nwèl Ye? Otè: Yolande Pierre

Tonton Nwèl se yon gwo gason. Li toujou abiye ak kostim wouj li. Vant li gwo epi

bab li blan kou lanj. Lè li ap vini tout moun konnen paske nou ka tande vwal kap

chante: “Ho! Ho! Ho!. Li pote anpil kado pou timoun ki koute manman yo, papa yo

ak tout pwofesè yo. Eske ou te fè bon timoun pou tout ane a?

Aprann Konprann: Li istwa a epi reponn keksyon sa yo.

1. Kijan Tonton Nwèl toujou abiye?

___________________________________________________________________

__________________________________________________________________

2. Kisa nou tande lè Tonton Nwèl ap vini?

___________________________________________________________________

___________________________________________________________________

3. Pou kimoun Tonton Nwèl pote kado?

___________________________________________________________________

___________________________________________________________________

4. Si ou te Tonton Nwèl pou kimoun ou tap pote kado?

___________________________________________________________________

___________________________________________________________________

5. Ki sa ou di lè yon moun ba ou yon kado?

___________________________________________________________________

___________________________________________________________________

Page 21: Read Aloud Text to build background knowledge aboutbilingual.dadeschools.net/BEWL/lang_arts_hc/1_hc/gr1_activities/gr1_Q2_Activities/gr1... · Materyèl: foto ewo nou yo, kat peyi

Grade 1. Theme 3

Klòch Sonnen (sing to the Jingle Bells tune)

Edited/Translated by Yolande Pierre

Kè: Sonnen Klòch ! Karyonnen!

Men fèt Nwèl rive.

Ak kè kontan , lagete

Anonse fèt Nwèl la.

Sonnen klòch! Karyonnen!

Men fèt Nwèl rive

Avèk kè kontan , lagete

Men Nwèl la rive

1. Tonton Nwèl vini

Ak dyakout li sou do

Li pote kado

Pou tout bon timoun. (Chante Kè a)

2. Pou tout tigason,

Ki te saj ak bon

Li pote kamyon avèk bèl balon.

Pou tout bèl tifi

Ki te janti ak saj

Li pote bèl pope avèk bèl bijou. (Chante Kè a)

Pwezi

Viv Nwèl

Nwèl rive

Nwèl rive

Kè tout moun kontan

Tout timoun ap chante

Gade yon bèl Nwèl

***************

Nwèl nan Peyi Solèy

Gade gade

Gade solèy

Gade gade lalin

Gage gade gade lakansyèl

K ap klere

Pou tout timoun ka viv

Gade gade solèy

K ape klere

Klere nan kè m

Pou n ka kontan

Pou youn ka renmen lòViv! Viv!

Viv Nwèl nan peyi solèy

Pou tout timoun

Pou youn ka renmen lòt

Renmen renmen tout moun

Lochard Noel

Page 22: Read Aloud Text to build background knowledge aboutbilingual.dadeschools.net/BEWL/lang_arts_hc/1_hc/gr1_activities/gr1_Q2_Activities/gr1... · Materyèl: foto ewo nou yo, kat peyi

Grade 1. Theme 3

Gr1-Q2 –Theme 5: Lakay Se Lakay: Konsantre sou Leta Florid; Lakay Se Lakay,

Week 18,- Read Translated stories by Yolande Pierre

Benchmarks: Compare & Contrast, Main ideas, Details and use pictures to build

inference and comprehension skills

Identify flags of Haiti, Florida and the United States – Describe each flag(details) –

Compare & contrast two flags

Building background Knowledge: Read aloud Text : Drapo

Drapo se yon senbòl. Yon drapo reprezante yon peyi tankou Etazini, yon eta

tankou Florid, yon pèp tankou Ayisyen. Respekte yon drapo, se montre respè pou

sa li reprezante. Tout moun ki fyè de kote yo soti oswa kote yo rete dwe fyè de

drapo yo tou. Nou pa sipoze chire yon drapo. Nou pa sipoze jete yon drapo atè. Lè

n ap pase yon kote y ap salye drapo, se pou nou kanpe pou n bay ochan.

.

Page 23: Read Aloud Text to build background knowledge aboutbilingual.dadeschools.net/BEWL/lang_arts_hc/1_hc/gr1_activities/gr1_Q2_Activities/gr1... · Materyèl: foto ewo nou yo, kat peyi

Grade 1. Theme 3

Foto Eta Florid

Drapo Ayisyen

Page 24: Read Aloud Text to build background knowledge aboutbilingual.dadeschools.net/BEWL/lang_arts_hc/1_hc/gr1_activities/gr1_Q2_Activities/gr1... · Materyèl: foto ewo nou yo, kat peyi

Grade 1. Theme 3

Page 25: Read Aloud Text to build background knowledge aboutbilingual.dadeschools.net/BEWL/lang_arts_hc/1_hc/gr1_activities/gr1_Q2_Activities/gr1... · Materyèl: foto ewo nou yo, kat peyi

Grade 1. Theme 3

Bèt Espesyal Nan Florid

Flamengo/Flaman: Flaman se yon bèt ki nan fanmi zwazo yo.

Sèf nan Key West, Florid: Gen anpil kalite sèf. Gen sèf ki rete nan forè, gen sèf ki

rete nan mòn. Men se sèf nan Key west yo ki pi piti.Yo rele yo Key deer,”Sèf ki” e

yo pa pi gwo ke yon chen. Sèf se yon mamifè, sa vle di yo fè pitit epi yo bay piti yo

tete. Sèf se yon bèt ki nan menm fanmi ak kabrit.

Page 26: Read Aloud Text to build background knowledge aboutbilingual.dadeschools.net/BEWL/lang_arts_hc/1_hc/gr1_activities/gr1_Q2_Activities/gr1... · Materyèl: foto ewo nou yo, kat peyi

Grade 1. Theme 3

Page 27: Read Aloud Text to build background knowledge aboutbilingual.dadeschools.net/BEWL/lang_arts_hc/1_hc/gr1_activities/gr1_Q2_Activities/gr1... · Materyèl: foto ewo nou yo, kat peyi

Grade 1. Theme 3

Page 28: Read Aloud Text to build background knowledge aboutbilingual.dadeschools.net/BEWL/lang_arts_hc/1_hc/gr1_activities/gr1_Q2_Activities/gr1... · Materyèl: foto ewo nou yo, kat peyi

Grade 1. Theme 3

Manati/Lamanten: Lamanten abite nan dlo ki tyèd. Yo jwe , naje epi yo

renmen anbrase ak bo. Yo manje ti plant yo jwenn nan dlo a. Lamanten

se yon mamifè. Sa vle di yon bèt ki fè pitit, li gen tete oswa manmèl, epi

li bay pitit li yo tete.

Page 29: Read Aloud Text to build background knowledge aboutbilingual.dadeschools.net/BEWL/lang_arts_hc/1_hc/gr1_activities/gr1_Q2_Activities/gr1... · Materyèl: foto ewo nou yo, kat peyi

Grade 1. Theme 3

Page 30: Read Aloud Text to build background knowledge aboutbilingual.dadeschools.net/BEWL/lang_arts_hc/1_hc/gr1_activities/gr1_Q2_Activities/gr1... · Materyèl: foto ewo nou yo, kat peyi

Grade 1. Theme 3

Men yon ti egzamen ou ka bay a loral oswa a lekri.

Premye Pati

1. Kijan yo rele zwazo ki reprezante leta Florid la?

2. Ki non flè ki reprezante leta florid.

3. Kisa drapo yon peyi reprezante?

4. Poukisa ou Kwè chak eta bezwen yon senbòl pou reprezante yo?

Dezyem Pati

1. Kisa ki diferan de flaman ak lòt zwazo yo.

2. Kisa flaman manje?

3. Eske se nan key West sèlman nou jwenn sèf?

4. Ki diferans ki genyen ant sèf nan Key West ak sa ki lòt kote yo?

5. Kisa lamanten manje?

Twazyem Pati(Ekri fraz)

Ekri 2 bagay ou aprann de leta Florid

Ekri de bagay ou aprann de flaman

Nan tout senbòl leta florid kilès ou pi renmen? Poukisa?

Page 31: Read Aloud Text to build background knowledge aboutbilingual.dadeschools.net/BEWL/lang_arts_hc/1_hc/gr1_activities/gr1_Q2_Activities/gr1... · Materyèl: foto ewo nou yo, kat peyi

Grade 1. Theme 3

Florida, Our State(premye jou)

Eta Nou, Florid

Peyi nou gen yon drapo.

Eta Florid gen yon drapo.

Nou fyè de drapo nou.

Mockingbird (Kolibri)

Eta Florid gen yon zwazo.

Kolibri se senbòl leta Florid.

Orange Blossom (Flè Zoranj)

Eta Florid gen yon flè.

Flè Zoranj se senbòl leta Florid.

Ann panse: Reponn kesksyon sa yo

Gade drapo Etazini a ak drapo Florid la. Kijan yo menm, kijan yo

diferan? Bay kèk detay nan repons ou.

Page 32: Read Aloud Text to build background knowledge aboutbilingual.dadeschools.net/BEWL/lang_arts_hc/1_hc/gr1_activities/gr1_Q2_Activities/gr1... · Materyèl: foto ewo nou yo, kat peyi

Grade 1. Theme 3

Florida, Our State

Eta Nou, Florid

Non: _____________________ Dat: _____________________

Pran yon mo nan istwa a pou fini fraz yo.

1. Nou abite nan eta ___________________________.

2. _____________________ se zwazo ki senbòl Eta Florid.

3. Flè __________________________ se senbòl Eta Florid.

4. Nap viv nan peyi Etazini. Ki koulè drapo Etazini?

Page 33: Read Aloud Text to build background knowledge aboutbilingual.dadeschools.net/BEWL/lang_arts_hc/1_hc/gr1_activities/gr1_Q2_Activities/gr1... · Materyèl: foto ewo nou yo, kat peyi

Grade 1. Theme 3

5. Eske drapo Etazini menm koulè ak drapo eta florid. A) non

b) wi

6. Konpare drapo etazini ak drapo Florid

Drapo Etazini Tou Le De Drapo Florid

Page 34: Read Aloud Text to build background knowledge aboutbilingual.dadeschools.net/BEWL/lang_arts_hc/1_hc/gr1_activities/gr1_Q2_Activities/gr1... · Materyèl: foto ewo nou yo, kat peyi

Grade 1. Theme 3

Florida’s Surprising Animals -Bèt Espesyal Nan Florid(2èm jou)

Rankontre twa bèt kap viv nan Florid. Ou ka etone wè bèt sa yo.

Flamingo – Flamengo

Flamengo vizite plas kote ki gen dlo nan Florid. Koulè zwazo sa a

woz. Flamengo renmen pike tèt anba anba dlo. Yo manje ti bèt ak

ti pyebwa yo jwenn anba dlo.

Key Deer – Sèf nan Zòn Key West

Sèf sa yo abite nan zòn Key West Florid sèlman. Yo pa pi gwo

pase yon chen. Yo manje ti pyebwa flambwaz ak mur.

Manatee – Manati/Lamanten

Page 35: Read Aloud Text to build background knowledge aboutbilingual.dadeschools.net/BEWL/lang_arts_hc/1_hc/gr1_activities/gr1_Q2_Activities/gr1... · Materyèl: foto ewo nou yo, kat peyi

Grade 1. Theme 3

Lamanten abite nan dlo ki tyèd. Yo jwe ak naje antre yo. Yo

renmen bo epi bay akolad. Chwal lanmè manje ti pyebwa yo

jwenn nan dlo.

Florid genyen kèk bèt ki bannou sipriz.

Florida’s Surprising Animals (Bèt Espesyal Nan Florid)

Non: ________________________ Dat __________________

1. Ekri non twa bèt espesyal nou jwenn an Florid.

_________________________________________________

Page 36: Read Aloud Text to build background knowledge aboutbilingual.dadeschools.net/BEWL/lang_arts_hc/1_hc/gr1_activities/gr1_Q2_Activities/gr1... · Materyèl: foto ewo nou yo, kat peyi

Grade 1. Theme 3

2. Ekri non bèt ki pi piti nou jwenn nan istwa. A ki lòt bèt li sanble?

3. Ki bèt ou pi renmen nan istwa a? Pou kisa?

4. Ki bèt ou pa renmen nan istwa a? Pou kisa?

____________________________________________________

____________________________________________________

Page 37: Read Aloud Text to build background knowledge aboutbilingual.dadeschools.net/BEWL/lang_arts_hc/1_hc/gr1_activities/gr1_Q2_Activities/gr1... · Materyèl: foto ewo nou yo, kat peyi

Grade 1. Theme 3

Gr1-Q2: Theme5; Lakay Se Lakay-Week 19

Non_______________________________Dat____________________________

Moving Day

“Hermit” Krab, “Timoni”. se yon kreyati ki toujou ap chache lòt kote pou l

rete. Chak fwa li gwosi, koki li vin twò piti pou li. Yon jou, Hermit Krab deside al

chѐche yon koki ki bon pou li e ki fѐ l byen. Li ranpe sou sab la, li jwenn diferan

koki. Premye ya te twò piti. Dezyѐm nan te twò gwo. Yon lòt te twò lѐd. Youn te

twò banda, yon lòt te twò senp. Okenn nan koki yo pat bon pou krab la. Li chèche

anpil. Finalman, li jwenn koki li tap chèche a. Li rale antre andann, li vin santi li

lakay li. Li te alѐz anndan li, menn jan ak koki li te rete anvan an. Sèlman li te pi

gwo.

Page 38: Read Aloud Text to build background knowledge aboutbilingual.dadeschools.net/BEWL/lang_arts_hc/1_hc/gr1_activities/gr1_Q2_Activities/gr1... · Materyèl: foto ewo nou yo, kat peyi

Grade 1. Theme 3

Lesson Activities

Non: __________________________________ Dat: _______________

Reponn keksyon yo

1. Ki pwoblèm krab la te genyen nan istwa a?

2. Kijan krab la te rezoud pwoblèm nan?

3. Ekri tout akjektif ki dekri koki krab la te eseye yo.

4. Ki de(2) akjektif ki gen kontrè yo nan istwa a? Ekri yo ak tout kontrè yo.

5. Kijan krab la santi l alafen istwa a.

Page 39: Read Aloud Text to build background knowledge aboutbilingual.dadeschools.net/BEWL/lang_arts_hc/1_hc/gr1_activities/gr1_Q2_Activities/gr1... · Materyèl: foto ewo nou yo, kat peyi

Grade 1. Theme 3

anwo

Lanmè

kontan

mou

anba

lèd

Bèl

fòs lou lejè di

Gwo

Piti Koki Latè

Page 40: Read Aloud Text to build background knowledge aboutbilingual.dadeschools.net/BEWL/lang_arts_hc/1_hc/gr1_activities/gr1_Q2_Activities/gr1... · Materyèl: foto ewo nou yo, kat peyi

Grade 1. Theme 3

Page 41: Read Aloud Text to build background knowledge aboutbilingual.dadeschools.net/BEWL/lang_arts_hc/1_hc/gr1_activities/gr1_Q2_Activities/gr1... · Materyèl: foto ewo nou yo, kat peyi

Grade 1. Theme 3

1st grade – Theme 5 – Home Sweet Home/Lakay Se Lakay

andedan

Ini

laj

di

mou

konfòtab

senp

elegan

lou

Lejè

long

di

Kache

Etwat

koki

tipyebwa

remiz krab

Timoni

Bouton

elektrik

Bò lanmè

Page 42: Read Aloud Text to build background knowledge aboutbilingual.dadeschools.net/BEWL/lang_arts_hc/1_hc/gr1_activities/gr1_Q2_Activities/gr1... · Materyèl: foto ewo nou yo, kat peyi

Grade 1. Theme 3

Gr1-Q1-Theme 5: Lakay se Lakay- Week 20

Istwa: Me On The Map- Kote Nou Abite a

Introdiksyon: Li rezime nan page 35 and/or Tradiksyon Istwa a

Materyèl: photo yon chanm, yon kay, yon katye ak kay, yon kat Etazini, yon kat

eta Kansas, yon kat jeografi lemon ak yon glòb

Vokabilè/Mo Kle: kat jeografi, lemon, lari, katye, vil, ete, glòb

Baz Konesans: Nap etidye nan ki lòd bagay yo te rive nan istwa a, Ide prensipal,

Rezon ke otè a ekri istwa a, kat jeografi,

Tit Istwa a: Mwen nan yon Kat Jeografi translated by Yolande Pierre

Men Mwen. Men Mwen nan chanm mwen. Men yon kat chanm mwen.

Men kay mwen. Men yon kat jeografi kay mwen. Men kay mwen nan katye kote

mwen rete a. Men yon kat jeografi lari mwen rete a.

Men vil kote mwen rete. Men vil kote mwen rete nan yon kat jeografi vil mwen

rete a.

Men kat eta kote mwen rete. Men peyi kote mwen rete nan yon kat jeografi.

Men kote mwen rete sou late a nan yon glob. Tè a se yon gwo boul. Si w te kapab

dewoule late, ou ta fè l plat. Li ta sanble ak kat jeografi lemonn antye.

Men kote w ap jwenn mwen nan plas espesyal mwen an. Premyèman kote mwen

ye nan yon kat jeografi lemon, apre san an peyi mwen, epi nan eta kote mwen

rete. Ladan w ap jwenn mwen nan vil mwen, epi nan katye mwen, epi nan ri kote

m rete mwen jwenn kay mwen. Epi nan kay mwen …… chanm, kay, lari, katye, vil,

peyi, tout patou nan lemon chak moun gen yon plas espesya nan kat jeografi a.

Menm jan avè m. menm jan avè m nan lemon.

Page 43: Read Aloud Text to build background knowledge aboutbilingual.dadeschools.net/BEWL/lang_arts_hc/1_hc/gr1_activities/gr1_Q2_Activities/gr1... · Materyèl: foto ewo nou yo, kat peyi

Grade 1. Theme 3

Ann konprann istwa a. ( a Loral oswa a lekri, sa depan de elèv ou genyen yo)

1. Tifi a pale de kat jeografi nan istwa nan yon sèten lòd. Nan ki lòd li montre

yo?

2. Kilès nan kat yo ki pi piti? Kiyès ki pi gwo?

3. Kisa tifi a tap eseye fè at tout kat jeografi say o?

4. Pouki rezon ou kwè otè a ekri istwa sa a?

5. Si ou gen yon kat ki reprezante tout etap yo, ou kapab mande yon group

pou ranje kat yo atè a koumanse pa pi piti a pou al sou pi gwo a.

6. Li trè enpòtan pou w genyen yon kat lemon ak yon kat etazini.

7. Kijan ou kwè tifi a santi l osijè de plas espesyal li genyen nan lemon?

8. Elèv yo gendwa fè foto yon kat chanm yo, oswa lakay yo, oswa klas la etc..

Page 44: Read Aloud Text to build background knowledge aboutbilingual.dadeschools.net/BEWL/lang_arts_hc/1_hc/gr1_activities/gr1_Q2_Activities/gr1... · Materyèl: foto ewo nou yo, kat peyi

Grade 1. Theme 3

Gr1-Q2- Second Marking Period Assessment – Evalyasyon Dezyèm Trimès

1. Ansèkle de mo ki rime nan fraz sa yo.

(a) Iv gen yon liv.

(b) Ivèt gen yon kivèt.

(c) Toto gen yon oto.

________

6 pwen

2. Kategorize/klasifye

Ansèkle mo pi pa sipoze nan gwoup sa a.

(a) Boul - balon - woulawoup - chen

(b) Jwe - manje- manman - danse

_____

4 pwen

3. Ekri mo sa yo nan lòd pou fè yon fraz kòrèk.

(a) manje Chen patat an la.

(b) men lave Lola li. __________________________________________________________________________________________________________________ .

4 pwen

Page 45: Read Aloud Text to build background knowledge aboutbilingual.dadeschools.net/BEWL/lang_arts_hc/1_hc/gr1_activities/gr1_Q2_Activities/gr1... · Materyèl: foto ewo nou yo, kat peyi

Grade 1. Theme 3

4. Ansèkle mo ki kontrè mo ki nan bwat la.

Anndan Monte deyò fini

Bonjou Ale desann bonswa

Chita Kanpe danse ri

_______ 3 Pwen

5. Sequencing & Noting Details: Konvèsasyon oral: – Mwen pral li yon istwa a de fwa. Koute byen paske map poze w kèk keksyon lè m fin li.

Poul Fifi a te ponn sis ze. Yon jou li chita sou ze yo. Poul la chita. Li chita, li chofe ze yo. Chak jou Fifi gade pou wè sa k ap pase. Apre anpil jou, ze yo kale. Manman poul la bay Fifi sis bèl ti poul. Fifi kontan. Li montre tout fanmi l ak zanmi l ti poul yo. 1. Ki sak te pase anvan nan istwa a? 2. Ki sak te pase alafen istwa a? 3. Di yon detay ki te nan mitan istwa a.

Page 46: Read Aloud Text to build background knowledge aboutbilingual.dadeschools.net/BEWL/lang_arts_hc/1_hc/gr1_activities/gr1_Q2_Activities/gr1... · Materyèl: foto ewo nou yo, kat peyi

Grade 1. Theme 3

6.Drawing Conclusions: Konvèsasyon oral: – Mwen pral li yon istwa a de fwa. Koute byen paske map poze w kèk keksyon lè m fin li. Mari ak Jina ta pral nan lanmè. Yo mete kostimdeben yo sou yo. Lè yo gade deyò a. Yo wè lapli ap tonbe. 1. Sa w panse Mari ak Jina pral fè? 2. Si se te ou, kisa ou t ap fè?

Non Profese a: ___________________________ Dat: _____________ Rezilta Egzamen Dezyèm Trimès Yo NON

ELEV

YO

Mo

Rime

___/6

Kategori

Klasifikasyon

_____/4

Fraz

____/6

Kontrè

__/3

Sekans

___/3

Panse ak

konklizyon

____/2

Page 47: Read Aloud Text to build background knowledge aboutbilingual.dadeschools.net/BEWL/lang_arts_hc/1_hc/gr1_activities/gr1_Q2_Activities/gr1... · Materyèl: foto ewo nou yo, kat peyi

Grade 1. Theme 3