University of Florida's
Journal of Intermediate Haitian Creole
Published 2007
University of Florida's Journal of Intermediate Haitian Creole
Editor: Assistant Professor Benjamin Hebblethwaite, [email protected]
Esè elèv yo te ekri an 2007 sou Eskrab epi Iv Dejan nan kreyòl ayisyen (Nou pa
prezante yo nan okenn lòd espesifik):
1. Daphney Pascal, “Jwèt Eskrab: Yon Pwogrè Pou Pèp Ayisyen”
2. Emmanuel Fortune, “Dejan Pou Prezidan: Yon Chanpyon Lekòl an Kreyòl “
3. Lenhs Louis, “Eskrab an Ayiti”
4. Leticia Casseus, “Eskrab nan Peyi d Ayiti”
5. Maisha Champagne, “Yon Chans Pou Yon Chanjman”
6. Merline Dieujuste, “Yon Chanjman nan Peyi Ayiti “
7. Mynoucka LaFalaise, “Ki Koze Alfabetizasyon Sa?”
8. Rachel Lucas, “Enpòtans jwèt eskrab nan peyi Ayiti”
9. Theresa Murray, “Mo Kwaze ak Iv Dejan”
Jwèt Eskrab: Yon Pwogrè Pou Pèp Ayisyen
Daphney Pascal
Inivèsite Laflorid
Entwodiksyon
Li trè enpòtan ke lè nou kreye yon jwèt Mo Kwaze kreyòl Ayisyen, ke ou sèvi
avèk òtograf ki ofisyèl. Dejan di nou ke “Si yo t ap bay yon pri pou egzanp ki sèvi pi mal
ak òtograf kreyòl la, ki sèvi ak li pi tet anba nèt, esplikasyon yo ekri pou ti rechogaz Ayiti
Metal yo ta gen premye pri.” Lè nou mete aksan sou lèt yo, moun Ayisyen ap kapab
pratike jwe eskrab nan lang ofisyèl. M espere ke sa ta tradui nan jan moun Ayisyen ekri.
Jwèt sa ap sèvi kòm yon zouti ki ap ede alfabetize moun Ayisyen. Plis ke say eskrab ap
ede yo avèk òtograf yo. Nan liv Dejan li bay nou yon egzanp kote li wè yon afich nan
yon magazen ki pa lwen plas Jefra, Pòtoprens. Afich ekri “Moun ak zam pa rentrè”.
Dejan esplike ke se pa kon sa yo ekri: rantre. Egzanp sa fè nou wè ke Ayisyen genyen
yon pwoblèm avèk òtograf.
Pwoblèm Nou Kontre
Yon pwoblèm nou kontre lè nou ap devlope jwèt sa se moun ka pa bay aksè
avèk diksyonnè. Se poutèt sa, li enpòtan pou nou kreye yon liv ki genyen anpil aksè.
Liv sa ta genyen mo Ayisyen sèvi avèk anpil. Si nou ta renmen jwèt sa genyen siksè, li
enpòtan pou nou kreye liv sa. Plis ke sa, li enpòtan pou nou kreye jwèt nan yon fason ki
pèmèt tout pèp Ayisyen genyen aksè. Sa se yon jan pou kòmanse alfabetize yon pèp nan
yon fason ki pa trè chè. Si jwèt la pa chè, l ap genyen popilarite avèk moun Ayisyen.
1
Nou ka popilarize eskrab kòm yon jwèt tout fanmi ka jwe. Dejan di nou ke Papa ak
Manman ti Ayisyen yo pale kreyòl sèlman. Paske jwèt an kreyòl, paran yo ka jwe eskrab
avèk timoun yo. Menm lè paran yo ap jwe, yo ap aprann.
Ansèsyman An Franse
Nan liv Yon lekòl tèt anba nan yon peyi tèt anba sou paj 206-235, Iv Dejan sèvi
ak esperyans li kòm yon pè pou li montre nou pwoblèm ki genyen avèk ansèsyman an
franse. Lè Dejan ale vizite yon lekòl li rankontre avèk yon mè ki rele Jistin. Mè Jistin se
direktris lekòl la. Mè sa te fè yon deklarasyon ki pa t chita byen avèk Dejan. Li rele
timoun yo kreten paske yo pa t ka atrap leson yo an franse. Dejan vin travay avèk timoun
yo pou li montre mè yo yon leson. Lè li travay avèk timoun yo, li vin wè ke se pa sòt elèv
yo sòt, se paske mè yo ap anseye nan yon lang timoun yo pa konprann. Lè mè yo anseye
an franse, elèv yo vin konnen san yo pa aprann.
Dejan fè pwen sa pi klè lè li mande timoun yo keksyon mesaj legiz katolik an
franse avèk kreyòl. Keksyon sa yo te adrese prensip fondamantal ke tout moun ki batize
nan legliz katolik ta dwe kenbe fèm (pg. 215). Lè timoun yo remèt repons yo an franse
epi apre an kreyòl deklarasyon yo chanje. Timoun yo fè plis erè lè yo bay repons yo an
franse. Sa montre nou ke timoun yo pa kreten. Lè yo travay nan yon lang yo konprann, yo
ka aprann pi byen. Yo vin atrape sijè a.
Jwèt Eskrab Kòm Yon Solisyon
Sèvi ak kreyòl nesesè pou konesans. Jwèt eskrab ka ede timoun Ayisyen
konprann kreyòl pi bon paske li bay timoun yon opòtinite pou yo pratike ekri an kreyòl
2
nan yon sans. Jwèt la ap ede yo aprann òtograf kreyòl. Lè yo konprann kreyòl pi byen yo
ap aprann kreyòl pi byen. Eskrab se yon solisyo. Li se yon jwèt ki ap ede alfabetize
moun Ayisyen. Plis ke sa, eskrab ap ede Ayisyen konprann avèk aprann plis.
Règ Eskrab
Nan liv Yon lekòl tèt anba nan yon peyi tèt anba sou paj 236-265, Iv Dejan fè yon
ka pou lekòl nan yon sel lang an Ayiti. Li di nou ke pwogram nan de lang pou mas
popilasyon 7 milyon Ayisyen ki pale kreyòl sèlman pa posib pou senk gwo rezon. Dejan
di nou ke sa pa posib rezon ekonomik. Ayiti pa genyen lajan pou li anseye timoun nan de
lang. Dezyèmman, sa pa posib pou rezon sosyal. An Ayiti se sel yon minorite pale
franse. Twazyèm rezon Dejan bay nou se rezon jewografik. Li di nou ke Ayiti pa kole ak
peyi ki pale angle oubyen franse. Timoun Ayisyen pa ka annik travèse pou yo ale nan
yon peyi Lafrans. Yo pa ka benyen nan franse. Katriyèm pwen Dejan di nou se sa pa
posib pou rezon pedagojik. Yo pa ka jwenn 50 mil pwofesè ki pale franse e ki konn
teknik montre timoun franse kòm yon lang etranje fen pandan yo pa benyen nan franse.
Dènye bagay Dejan di nou se sa pa posib pou rezon tan. Li di sa ap pran anpil tan pou
timoun Ayiti aprann franse ak bon pwofesè.
Nan chapit sa Dejan di nou plizyè rezon nou ta dwe anseye timoun an kreyòl
sèlman. Jwèt eskrab se yon bon fason pou nou kòmanse anseye timoun an kreyòl men fòk
timoun yo konnen règ eskrab. Pou jwèt la kòmanse fòk premye moun ki pral jwe mete
lèt li yo ansanm sou tab la. Lèt yo ka ale anlè oswa anba. Lè premye jwè mete lèt yo, fòk
yo rive sou kare ki nan mitan. Lè moun nan jwe li pa ka eple mò yo devan dèyè. Lè ou
fini, konte skò ou, epi di tout moun. Fòk ou sonje pou ranmase menm kantite jeton, pou
ou ka toujou genyen menm kantite jeton nan men ou. Dezyèm moun ki ale, fòk yo kole
3
jeton yo ak jeton ki deja sou tab la pou yo kreye yo mo. Fòk nou sonje ke mo yo ka ale
anlè epi anba. Lè tout lèt yo fini, moun ki genyen plis pwen se chanpyon eskrab.
Sitweb sou Eskrab
Lè nou fin aprann règ eskrab, li enpòtan pou nou sèvi avèk estrateji pou nou ka
vin chanpyon eskrab. Genyen plizyè sitweb ki pale sou estrategi eskrab. Si ou vitize
sitweb www.cyberonic.com/~bigdoggy/strategy.html ou ka jwenn estrategi pou jwèt la.
Nou konnen ke anpil moun Ayiti pa genyen askè avèk òdinatè. Se poutèt sa mwen ta
renmen jwèt la vini avèk yon ti liv ki pale sou estrateji eskrab. Si ou bezwen konnen
istwa eskrab ou ka vitize sitweb http://www.scrabble-assoc.com/info/history.html. Si ou
se yon fanatik eskrab, epi out a renmen pale ak lòt fanatik ou ka vitize sitweb sa:
www2.scrabble-assoc.com/.
Chemen Konesans Pi fò Ayisyen
Nan dènye chapit ki nan liv Yon lekòl tèt anba nan yon peyi tèt anba, Iv Dejan
revize tout rezon lekòl ta merite anseye an kreyòl an Ayiti. Dejan di nou kreyòl se lang
tout moun ki fèt e ki leve ann Ayiti depi yo piti jis yo gen 18 an. Se sèl lang ki rele tout
jèn moun sa yo chè mèt chè metrès. Se li tout moun konprann byen. Se li yo pale tout tan.
Sa ki pi enpòtan Dejan di nou, ki kreyòl se prensipal chemen konesans pi fò Ayisyen.
Lekòl merite anseye an kreyòl paske kreyòl se lang lavi ann Ayiti. Sitiyasyon anseye an
franse pa nòmal paske pi fò Ayisyen pa konprann lang franse. Se yon minorite moun ki
byen sèvi avèk lang franse. An plis, Dejan di nou sistèm lekòl an Ayiti nan yon sitiyasyon
tèt anba ki merite chanje.
4
Konklizyon
Jwèt eskrab se yon fason nou ka kòmase chanje sistèm la. Eskrab se yon jwèt ki
ap ede alfabetize moun an Ayiti, paske kreyòl se prensipal chemen konesans pi fò
Ayisyen. Menm lè moun an Ayiti pa genyen aksè avèk diksyonnè, jwèt eskrab ap fasil
pou yo atrape lang kreyòl paske se lang ki nan sèvo yo. Lang franse pa nan sèvo yo. Pou
timoun Ayiti aprann franse fòk yo benyen nan lang etranje. Dejan mande nou kote lanmè
franse, kote larivyè franse, kote lapil franse. Paske timoun yo pa benyen nan lang franse
yo pa ka aprann li. Yo tranpe nan lang kreyòl paske kreyòl se lang manman. Kreyòl se
lang ki nan sèvo yo. Si nou fè yon ti diksyonnè ki pa chè, sa ap fè jwèt la gen plis aksè.
Nan diksyonnè sa nou ka mete mo moun sèvi avèk sou van. Sa ap byen ede moun ki anvi
jwe eskrab.
Plis ke sa kreyòl se yon lang ki fonetik, sa vle di moun ka toujou fè efò jwe
eskrab menm lè yo pa alphabetize nèt. Menm jan lang kreyòl se yon lang ki sèvi avèk
règ, li enpòtan pou nou sèvi avèk menm règ sa yo nan jwèt eskrab. Pou pwogrè an Ayiti
fòk lekòl anseye an kreyòl. Si sa pa fèt Dejan di nou Ayiti ap rete dèyè ak yon ti ponyen
moun k ap grennen bèl franse, toutotan yon majorite moun ap kontinye pa mache nan
chemen konesans tout Ayisyen deja genyen an lang kreyòl. Chanjman kreyòl nesesè pou
pwogrè. Jwèt eskrab ap ede pèp Ayisyen fè pwogrè sa.
5
Bibliyografi
1. [Dejan Iv. 2006. Yon lekòl tèt anba nan yon peyi tèt anba. Pòtoprens: Fokal].
2. www.cyberonic.com/~bigdoggy/strategy.html
3. http://www.scrabble-assoc.com/info/history.html
4. http://www2.scrabble-assoc.com/
6
Dejan Pou Prezidan: Yon Champyon Lekòl an Kreyòl
Emmanuel Fortune, Inivèsite Laflorid
Nan chapit 20 Dejan pale sou règ gramè. Li esplike jan grameryen lontan pa t montre pèp
yo jan pou yo rekonèt fraz byen anfòm avèk fraz ki pa anfòm. Dejan di, “liv gramè fèt kon sa
paske moun deja gen sèten lide sou koze lang.” Sa vle di, depi moun gen tan konprann yon lang,
li pa fè sans pou grameryen mete règ sou mo apre moun fin aprann lang nan. Dejan kontinye fe
yon ti pale sou afè vèb ak konpleman vèb nan lang kreyol. Li di anpil ayisyen pa menm konnen
depi vèb ak konpleman egziste. Antouka, anpil ayisyen toujou suiv règ la. Yo kenbe vèb ak
konpleman ansanm san yo aprann règ. Dejan di se yon prensip ki nan tèt tout moun. Sa se bon
pawòl Dejan ekri. Li bay yon seri de egzanp ki montre jan mo ak fraz an kreyòl suiv règ
konpleman ak vèb nan lang la. M ta di grameryen pa gen dwa chanje lang kreyòl la nenpòt jan.
Lang la gentan kenbe yon seri de règ ki inivèsèl. Menm jan nou te wè nan klas la lòt jou, gen règ
lengwistik ki montre lang kreyol la se yon lang nòmal e natirèl. Lang kreyol la pa anmède avèk
règ òtograf nou ta jwenn nan angle. Se yon lang ki byen anfòm epi li sèvi moun nan tout koze.
Lòt koze mwen vle fè refleksyon sou li se jwèt eskrab an kreyòl. Jwèt la byen enteresan.
Se yon jwèt m konn jwe tout tan lakay mwen, epi se yon jwèt m konn genyen ladann anpil. Yon
obzèvasyon mwen te wè premye jou a, se jan li te fasil pou moun chwazi mo. Lang kreyol la
plen avèk mo. Se yon bèl bagay. Ou pa bezwen bat tèt ou pou chache mo.
Eskrab an Kreyol
Jan ou jwe eskrab kreyòl se menm jan ou jwe eskrab anglè. Chak moun chwazi sèt jeton. Lè
chans yo rive fòk yo mete yon mo ki bay bon valè pwen. Depi moun genyen pwoblèm avèk
chwazi mo, yo mèt pase chans yo pou dezyèm moun kapab ale. Jwèt la byen fasil men li prezante
1
anpil opòtinite pou moun aprann mo nouvo. Lòtre jou pwofesè Tes ki soti FIU te vin jwe avèk
nou. Li te mete yon mo ki mare tèt tout moun nan tab la. Mo a pa te yon mo espesyal. Dejan
gentan esplike lang kreyòl la se youn ti fasil avèk anfòm. Mo Tes te yon mo anpil nan elèv yo te
tande yon fwa men yo pa t jamn sèvi avèk li jan Tes te sevi avèk li nan jwèt la. Pou rezon sa m
renmen jwèt eskrab kreyòl la. Menm depi ou konnen anpil mo an kreyòl ou ka toujou aprann lòt
sans mo genyen. Depi Dejan te tou jou nan latè a li tap apresye jwèt la anpil.
Dejan te genyen anpil konesans sou afè lang. Pa sèlman lang kreyòl la, men anpil lang. Li
te kòn pale franse, kreyòl, y angle. Epi li posib li te kòn pale panyòl. Gen de lè Dejan te kòn
pweche nan legliz, apre sa li te fè pwofese pou yon ti moman. Liv Dejan gen anpil rechèch ki
soti nan tout bò. Li pale de lang moun italyen, moun panyòl, moun fransè, avèk anpil lòt peyi.
Dejan se yon moun ki te kon suiv koze nan tout peyi. Mèwi te genyen anpil pwoblèm nan peyi d’
Ayiti men Dejan t ap suiv pwoblèm peyi a nan yon konteks ki aplike avèk tout moun. Reson m
kwe li fe sa, e pou tet kreyol se yon lang li vle pou tout moun nan lot peyi pou yo suiv li. E pa
selman ayisyen ki vlezwen konnen ki sa ap fèt avèk lang peyi Ayiti.
Mwen Genyen Rèv
Yon jou ap rive lè moun ki visite Ayiti gentan aprann pale kreyòl. Menm jan tankou lang
franse. Moun aprann lang le yo nan lekòl apre sa yo visite peyi a pou vakans. Depi anpil moun
kòmanse aprann lang kreyol la, y ap kòmanse apresye lang nan avèk peyi. Sa kapab ede peyi a
jwenn anpil kòb. M ta renmen we plis moun visite Ayiti poutet li se yon bèl peyi. Sitiyasyon
ekonomik moun ayiti ta vole anpil depi plis moun ta visite peyi a. Ayisyen kapab vann mizik
oubyen desen yo. Ayiti gen yo bèl istwa. Fòk moun konnen sa.
2
Mwen fin rive nan yon laj kounye a m vlè vizite peyi parann mwen te kon viv nan.
Genyen anpil violanse men yon jou fo m wè bèl bagay mama mwen te konn pale de. Mwen
genyen an pakèt ti kouzen ki toujou viv nan Ayiti. M ta renmen visite yo pou m wè jan nou
diferan. Plis pase sa m vlè wè jan nou menm jan moun. Ayisyen se moun ki kenba fo. Nou
genyen anpil damou pou frè ak sè nou.
Pou rèv Dejan rive fò moun kreyòl nan tout late a suiv ki sa ap fet nan Ayiti. Menm si ou
soti nan peyi a de twa ane, oubyen li te mèt vensenk ane fò ou toujou suiv ki sa ap fèt nan peyi
ou. Depi nou pa voye je, moun franse oubyen moun o Zetazini ap kòmanse voye zye. Pita yo ap
pwan peyi. Menm y ap kòmanse avèk lang nan. Se poutèt sa lè ou pwan lang yo moun ou pwan
nam yon moun.
Dejan: Yon chanpyon eskrab san li Jwe
Jwèt eskrab kreyòl se yon jwèt trè enteresan. Pwemye fwa m te jwe l li te fasil. Kounye a m ap
jwèn anpil kòmplikasyon. Gende lè m pa kapab jwenn mo pou m jwe epi m oblije pedi chans
mwen. Jan jwèt la regle ou ka pèdi chans ou plizyè fwa yo toujou resevwa yon viktwa men li
difisil pou fè. M toujou renmen jwèt la poutet li bay moun chans pou yo esplore vokabilè yo.
Yon lòt bagay nou te wè nan rechèch Ben te fè se konbye fwa kèk lèt kon itilize an
kreyòl. Rechèch la moutre genyen anpil lèt ki itilize plizye fwa epi genyen lòt mo ki itilize
selman de twa fwa. Rezon sa afekte m e poutèt m renmen itilize mo ki espesyal. E konsa m kon
jwe eskrab angle a. M kòn pase chans mwen kont fwa pou le m jwenn yon mo ki byen serye m
kapab jwenn anpil pwen.
Depi Dejan t ap jwe eskrab kreyòl m kwè li t ap fè menm jan. Pito li mete ti mo o fraz piti
li ta vle mete gwo mo pou li moutre tout moun jan li se gwo nèg avèk anpil sèvo. Nan liv li ekri
3
nou we li konnen anpil mo. M kwe m aprann plis mo nan liv sa pase pyes nan liv angle mwen.
Dejan se yon neg ki te fe anpil pou mo Ayiti. Fòk moun selebre li pou tout bagay lengwistik li fe
pou moun Ayisyen.
4
Works Cited
Dejan, Iv. Yon Lekòl Tèt Anba Nan Yon Peyi Tèt Anba. Pòtoprens: FOKAL (Fondasyon Kilti
Ak Libete), 2006.
5
Eskrab an Ayiti
Lenhs Louis, Inivèsite Laflorid
Genyen anpil peyi nan lemond ki te genyen menm pwoblèm avèk peyi nou Ayiti.
Se yon pwoblèm analfabetizasyon. Otè liv Yon Lekòl Tèt Anba Nan Yon Peyi Tèt Anba,
Iv Dejan fè nou konnen ke “an 1800, pi fò granmoun gason an frans pa te janm al Lekòl.
Sa te kòmanse chanje an 1850…distans pou rive nan ane 2000 genyen douz milyon jèn
sou 60 milyon jèn ki ale Lekòl (Dejan 108).” Poukisa ou panse mwen ba ou ti ide sa? Se
paske mwen vle moutre ou ke sitiyasyon analfabetizasyon an Ayiti kapab ranje men li
kapab pran tan. Li pran Lafrans preske plis pase 50 ane pou li fè yon gwo pwogrè.
Lafrans se yon temwayaj pou moutre nou ke chanjman possib menm si sa pran tan depi
moun deside li kapab posib. Nou ap panse itilize eskrab pou nou ka fè chajman sa. Nou
konnen sa ap pran tan men si tout moun deside epi yo mete tèt yo ansanm pwoblem
analfabetizasyon ayiti ya ap disparèt.
Nou swete ke nou te kapab jwenn ase kòb pou nou ta fè ase jwèt pou tout moun
an Ayite ta kapab posede jwèt pa yo. Pou yo kapab gen ase pratik nan li ekre avèk pròp
lang pa yo. Ozetazini, gen yon konpetisyon ki rele Spelling Bee, nan konpetisyon sa yo
fè timoun eple gwo mo ke menm paran yo pa kapab eple, se yon bagay yo moutre
konpetisyon an nan televizyon pou tout moun ka wè kijan timoun sa yo fò nan eple mo.
Poukisa nou pa kapab fè menm bagay la an Ayiti avèk? Si nou ta fè sa nou te kapab rive
popilarize jwèt la toujou. Nan liv Yon Lekòl Tèt Anba Nan Yon Peyi Tèt Anba Dejan
toujou ap raple nou de enpòtans anpran nan lang ou konnen an. Li di nou ke “lang se yon
zouti pou panse. (Dejan 54).” Lekòl Ayiti pa bay timoun chans pou yo panse nan lang pa
1
yo, sa genyen yon gwo enfliyans sou pwoblèm analfabetizasyon nou an ayiti (Dejan,
203). Paske eskrab bay moun opòtinite pou yo esprime yo nan lang manman yo, nou
kapab itilize li kòm yon zouti pou nou konbat pwoblèm analfabetizasyon.
Eskrab kont analfabetizasyon
Jwèt mo kwaze kreyòl ayisyen kapab ede moun aprann li ekri. Mo kwaze fòse
moun eple mo; eple mo kapab ede yon moun devlope vokabilè yo. Toutotan yon moun ap
ekspoze avèk mo ki mache ak ide se toutotan lap aprann li ekri. Systèm lekòl anayiti an
genyen yon gwo pwoblèm; li demande ke timoun anayiti pale franse lekòl e sa vini fè
genyen anpil moun ki analfabetize. Si nou te kapab fè yon jwèt tankou mo kwaze ayisyen
fè pati kilti Ayiti menm jan avèk “Domino” ak “Gagè” li tap rive alphabetize anpil moun.
Men sa ki pwoblèm lan konnya se kijan nou kapab popilarize mo kwaze kreyòl ayisyen.
Jan Nou Kapab Popilarize Eskrab
Premye bagay nou te kapab fè se pou nou menm tout moun ki nan klas HAI 2200
ki kòmanse jwe jwèt la pale de jwet la avèk zanmi pwòch yo, manman yo, papa yo, avèk
tout lòt fanmi yo. Apre nou fin pale moun yo de jwèt la nou ta fè yo jwe li pou yo kapab
wè kijan li enteresan apresa nou ta swete moun sa yo kapab di tout moun yo konnen
jiskaske nouvèl jwèt la rive Ayiti. Yon lòt jan ke nou kapab popilarize jwèt nou an se pou
nou ta prezante jwèt la ak moun ki nan klib kreyòl la konsa nou kapab fè ayisyen ki isit ki
kapab achte jwèt la kapab jwenn opòtinite pou yo jwe anpitou achte li. Nou ta pran kòb
nou fè nan van jwèt la pou nou kapab fè avètisman voye nan tout lòt klib kreyòl ke nou
konnen ki nan florid. konsa nou kapab fè plis kòb jiskaske nou kapab rive genyen ase kòb
2
pou nou fè ase jwèt pou nou kapab vann yo aba pri pou moun Ayiti jwe. Kòm mwen
gentan di ou lè moun jwe jwèt sa yo kapab alfabetize e si anpil ayisyen ta jwenn jwèt sa,
li te kapab ede anpil moun li ak ekri. Sa kapab ede nou rezoud pwoblèm alfabetizasyon
Ayiti.
Men anvan nou fè tout bagay sa yo fò nou ta pale avèk moun ki gen dwa sou jwèt
la pou nou ka konnen si yo dakò pou nou itilize ide yo. Aprè sa se pou nou ta fè yon
diksyonnè ak yon ti liv ki kapab reponn tout keksyon yon moun kapab genyen sou mo
kwaze kreyòl ayisyen. Lide kreye jwèt sa se trè briyan.
Ayisyanize Eskrab
Paske nou vle pou eskwab jwe yon wòl enpòtan an Ayiti, li nesesè pou nou ta
ayisyanize jwèt la. Nan ti kare yo li tab bon si nou ta mete bagay ki senbolik pou
Ayiti tankou mize nasyonal la avèk sitadèl la. Nou tap pran 50 pi gwo kote an Ayiti ki
genyen anpil epi nou ta mete yo chak nan yon ti kare. Sou rès kare ki rete yo nou ta
sipoze mete non moun ki te genyen yon enfliyans pozitif nan peyi a tankou Desalin ak
Petyon. Mwen panse jwèt la sipoze ble ak rouge ki se koulè drapo peyi ya. Sou do
jwèt la nou ta kapab desine yon grow pye palmis, paske pwebwa sa genyen anpil istwa
ki mache avèk li.
Istwa Eskrab
Nou ap fè tout ti pale sa yo sou eskrab men nou poko pale de istwa jwèt la. Li te
kòmanse Ozetazini nan yon peryòd ki rele gran depresyon an. Se te yon peryòd ki te
vrèman nwa nan sans ekonomik pou anpil peyi sou latè. Pa te genyen travay, epitou
3
manje te chè. Yon, achitèk ki rele Alfred Mosher Butts ki te youn nan viktim
depresyon sa paske li te pedi travay li te fè yon ide pou li kòmanse yon jwèt. Li fè
rechèch li vini reyalize ke genyen twa kategori jwèt; jwèt nimewo, jwèt kote pou ou
deplase, avèk jwèt mo. Butts te vle kreye yon jwèt ki konbine mo kwaze avek jwèt
mo. Premyeman, jwèt la te rele “Lexicon” men Butt vin chanje non an, li vin rele li
“mo kwaze.”
Li enpòtan pou nou konnen kijan Butt reyalize fè jwèt sa. Li te etidye yon papye
jounal ki rele New York Times pou li kalkile konbyen fwa 26 lèt nan alfabè angle a te
itilize nan papye ya. Li dekouvri ke vwayèl parèt pi plis pase konsòn, vwayèl ki parèt
pi plis la se “e”. Aprè li bay chak lèt yo yon valè. epi li deside konbyen nan chak lèt ki
ap parèt nan jwèt la. “s” te bay yon pwoblèm, akòz moun itilize li anpil, Butts decide
itilize li sèlman kat fwa paske li pa te vle jwèt la twò fasil. Sa fè twa generation depi
jwèt mo kwaze fè pati sosyete Ozetazini ya. Li te desine premye jwet la avek zouti
achitèk li yo. li te mete jwèt la sou yon lot jwèt ki rele checkers. mwen panse yo te
fatige avèk jwèt sa. Li te fè ti kare yo tankou sa nou genyen pou jwèt nou an men li te
ekri mo yo sou ti jeton yo avèk men li. Ala moun gen entelijans papa.
Mwen wè Butt genyen gwo siksè avek jwet la, mwen ta swete nou genyen
menm siksè plis pase li menm si sa posib.
Differans an Eskrab Fonemik ak Eskrab tradisyonèl
Nan klas nou te pale de de diferan kalite eskrab, youn ki te tradisyonèl avèk youn
ki te fonemik. Mwen panse sa ki fonetik la ap plis bon pou moun an Ayiti. Li genyen
anpil avantaj pou yon peyi tankou ayiti. Jwèt ki gen fason fonemik la genyen vwayèl
4
nazal. Plis popilasyon Ayiti a pa alfabetize nou menm nou ta renmen itilize eskrab pou
nou konbat analfabetizasyason; batay la ap plis fasil si nou itilize zam ki fasil. Itilize
eskrab tradisyonèl la ap konplike batay nou paske anpil moun pa kapab konnen ke si yo
mete a avèk n ansanm sa ap egal “an”, yon vwayèl nazal ki kapab ba yo yon mo tankou
ban. jwèt fonemik la ede moun paske li ba yo opòtinite pou yo eple anpil mo san yo pa
bezwen anpil jeton paske jwèt la mete mo yo ansanm. pa egzanp, nan jwèt tradisyonèl la
yon moun bezwen sis jeton pou ou eple “renmen” men nan jwèt fonemik la sa ap bezwen
sèlman 4 jeton. Sa se yon lòt avantaj jwèt fonemìk la genyen.
Eskrab ayisyen an sipoze genyen aksan ladan. Moun ki ap jwe jwèt la sipoze
konnen ke yon mo tankou pè genyen yon aksan sou li, si jwèt la pa genyen sa , yo pa
kapab konnen sa. Si jwèt la genyen aksan ladan li kapab ede moun eple mo korèkteman.
Men genyen yon ti pwoblèm avek lèt à, se pweske yon vwayèl ke nou pa kapab itilize
nan jwèt la menm paske pa genyen anpil mo ki itilize à avèk aksan. Tout jwe mwen jwe
jwèt la mwen po ko janm fè yon mo ki genyen à ladan. mwen ta di retire lèt sa
komplètman men li genyen anpil valè lèt la poukont li vo wuit pwen. Sa bon paske li fòse
moun panse avèk travay di.
Kòm mwen gentan esplike nou eskrab kapab yon zouti ke nou kapab itilize pou
nou kombat analfabetizasyon an Ayiti men li ap pi fasil si nou itilize fòm eskwab fonetik
la paske li ap pi fasil pou yon moun ki pa fò nan eple mo. Li genyen yon lòt avantaj paske
ou kapab fòme plis mo avèk mwens jeton. Eskrab nou an sipoze genyen aksan paske
aksan yo ap ede moun eple pi mo kòrèkteman.
5
Konklizyon
Eskrab kapab ede nou konbat analfabetizasyon an Ayiti paske lap ede moun eple
mo. Men fò nou pran tan pou nou popilarize jwèt la pou tout moun kapab tande pale de li.
Pou jwèt la kapab pi enterese moun Ayiti nap ayisyanize jwèt la. Genyen kèk ti pwòblem
avèk jwèt la men nou ap viske yo. Mwen panse jwèt fonemik la ap pi avantaje pou moun
ayiti paske li ap ede yo eple mo kòrèkteman.
Bibliyografi
Dejan, Iv. 2006. Yon Lekòl Tèt Anba nan Yon Peyi Tèt Anba. Pòtoprens: Fokal
http://www.hasbro.com/games/adult-games/scrabble/home.cfm?page=home
6
Eskrab nan Peyi D’Ayiti
Leticia Casseus, Inivèsite de Florid
1. Entwodiksyon
Mwen jwenn anpil plezi lè nou jwe eskrab nan klas la paske m kòmanse rekonèt jan l ap
ede mwen vin pi anfòm avèk lang la. Lè m di m ap vin pi anfòm nan lang la m vle di m ap ka
pale, li, ekri, e konprann lang la pi byen pase m kapab kounye a. Lòt elèv yo nan klas la konnen
plizyè mo ke mwen pa t konnen epi lè pou nou fè efò pou nou eple mo yo kòrèk, tout sa ede
mwen epi lòt elèv yo pou nou vin pwofesyonnèl nan lang la. Menm jan eskrab la ap ede nou, m
panse l ka ede Ayisyen nan Ayiti. Dejan t ap diskite nan chapit la jan Ayisyen pa kosyan de jan
yo konn diferans yon bon jan fraz kreyòl avèk yon fraz kreyòl ki pa bon. Li di se suiv yo suiv
prensip la depi yo timoun epi li chita nan lespri yo oubyen sèvo yo pou tout tan. An verite yo pa
konsyan, men an menm tan sa se pa fòt yo. Yo pa menm aprann timoun yo kreyòl nan lekòl yo.
Ki jan pou moun yo konsyan de poukisa yo pale lang la jan yo pale l si yo viv nan yon peyi ki pa
respekte oubyen apresye lang la, lang manman yo. Depi Ayisyen suiv prensip jwe eskrab la m
panse sa ap ede yo li epi ekri an kreyòl. Espesyalman ak diksyonè a nan men ki sèvi kòm baz
jwèt la, lè yo wè yon mo yo panse ki pa yon mo vre y ap gade nan diksyonè a pou yo ka konnen.
Se lè yo kontinye a lòd sa y ap vin devlope yon pi bon konprann pou lang la. Se lè sa yo kapab
konsyan de kijan yo konn diferans avèk yon bon jan fraz kreyòl avèk yon fraz kreyòl ki pa bon.
M panse jwèt sa ka fè anpil, anpil, anpil pou moun Ayisyen yo. M kwè se yon kòmansman pou
yon gwo chanjman pou Ayiti. Jwèt sa ap ede moun, menm si se pa tout moun, l ap ede anpil
moun vin konprann enpòtans lang la.
Casseus 1
2. Jan pou Ayiti Popilarize Eskrab
Gen plizyè jan nou kapab popilarize eskrab. Men, si pou nou fè tout moun rekonèt jwèt la
toupatou se pou nou kòmanse piti. Mwen vin konprann jan pou yon moun popilarize nenpòt
bagay se pou fè anpil anpil moun rekonèt sa bagay la ye. Lè sa moun ap kòmanse pale sou sa
bagay la ye, kijan li fonksyone. Moun ap bezwen konn kisa bagay la ye espesyalman si l se yon
bagay yo pa janm wè nan lavi yo. Enbyen jwèt eskrab nou an se yon bagay m ka di anpil moun
pa janm wè. Premye bagay nou ka fè pou nou popilarize jwèt la se pote jwèt la bay fanmi e
zanmi nou pou yo ka aprann jwe l. Fanmi nou e zanmi nou yo ap sezi wè gen yon jwèt eskrab an
kreyòl. Sezisman an ap kòz yo al pale moun de li. Dezyèm bagay m te panse nou ka fè se
patisipe a klib kreyòl nan aktivite yo nan Inivèsite de Florid. Ankò, menm jan avèk fanmi e
zanmi nou, y ap sezi wè gen yon jwèt eskrab an kreyòl epi yo tou ap pale lòt moun de li. M kwè
si nou popilarize jwèt la kòrèkteman moun ap vin konprann enpòtans lang kreyòl la.
Se vre anpil moun pa konprann enpòtans lang kreyòl la toupatou. Menm nan legliz yo ann Ayiti
kote yo aprann timoun yo li e ekri yo pa sèvi a kreyòl, yo pa anseye timoun yo nan lang la. Dejan
(2006:215) pale nou de yon istwa lè l te ann Ayiti kòm yon pè epi l t ap poze kèk timoun nan yon
klas plizyè keksyon an kreyòl. Tout timoun yo bay esplikasyon klè. Lè Dejan poze yo keksyon
tou senp an fransè tout elèv yo pe bouch yo. Sa vle di yo pa vrèman konprann lang fransè a epi se
pou moun rekonèt kreyòl se lang yo pi konprann epi m kwè sa se youn nan bagay yo ki fè lang
kreyòl la enpòtan. Epi m kwè sa se objèktif
jwèt eskrab nou an.
3. Jwèt nan kilti Ayiti
Paske m panse Ayiti se yon peyi kote jwèt fè yon gwo pati nan kilti peyi a, m panse jwèt eskrab
Casseus 2
la ap vin popilè byen vit. Depi w se yon Ayisyen oubyen ou konn al vizite Ayiti plizyè fwa w ap
konprann jan Ayisyen se gwo fanatik jwèt. Epi lè yo ap jwe yon jwèt se bagay serye. Tout moun
vle pou yo genyen jwèt y ap jwe a epi y ap fè tout sa yo bezwen fè pou yo ka genyen jwèt la.
Enbyen akòz jwèt fè pati kilti Ayiti li p ap difisil pou fè moun rekonèt jwèt eskrab la. M kwè y
ap asepte jwèt eskrab la san yon dezyèm panse. Ayisyen ap sezi wè jwèt eskrab se an kreyòl li
ye. Y ap sezi wè direksyon yo se an kreyòl yo ye, y ap sezi wè pou ka jwe jwèt la se pou w sèvi
ak kreyòl. Sezisman sa ap ede moun Ayisyen wè sa Dejan wè. M di sa tout tan epi m di l tout tan
paske m kwè l ak tout kè mwen. Sezisman Ayisyen ap jwenn lè yo wè jwèt eskrab la ap ede yo
rekonèt enpòtans lang kreyòl. L ap ede yo wè lè Dejan di se pou yo anseye kreyòl nan lekòl yo se
verite l ap pale. Dejan (2006: 243) di Ayisyen nan mitan lanmè kreyòl la, yo plonje nan letan
kreyòl la, yo benyen nan larivye kreyòl la, yo mouye tranp nan lapli kreyòl la. Sa vle di se lang
kreyòl la Ayisyen pi konprann pase tout lòt lang epi se avèk lang kreyòl pou yo sèvi nan tout pati
Ayiti paske se li ki vreman lang peyi a. Ayiti pa dwe pou bay lang kreyòl la vag. Menm jan jwèt
fè pati kilti Ayiti, lang la fè pati kilti a tou. Tout moun konnen lang fè pati nenpòt kilti men m pa
konnen pou Ayiti paske yo pa menm sèvi ak lang kreyòl la kòm lang peyi a. Dejan (2006:243) di
kreyòl se yon chemen konesans tou pare ki nan lespri oubyen sèvo yo. Si sa vre, poukisa
Ayisyen chwazi sèvi a franse, yon chemen san konesans?
4. Benefis pou lekòl Ayiti si yo sevi avèk eskrab
Jwèt eskrab la ka fè anpil pou sistèm lekòl Ayiti a. Mwen di sa paske gen pwofese Ozetazini ki
sèvi avèk jwèt eskrab la. Toupatou gen pwofese nan lòt peyi ki sèvi avèk jwèt eskrab la nan klas
yo kòm yon fòm pou edike timoun yo. Pwofese sa yo ki sèvi ak jwèt eskrab la nan klas yo pale
sou jan jwèt la ede timoun yo nan klas. 95% nan pwofesè sa yo di ke eskrab se yon lòt jan pou yo
Casseus 3
ka aprann timoun yo nan lekòl (Scrabble 2007: 1). Yo di jwèt la devlope vokabilè elèv yo. Apre
yon ti tan yo ka eple mo pi byen, yo vin pi fò nan matematik, yo vin pi fò nan yon bann bagay ki
fè relasyon ak lekòl. Si sa vre, epi m kwè li vre, enbyen timoun ki elèv ann Ayiti tou ka jwenn
anpil benefis nan men jwèt eskrab nou an ki fèt espesyalman pou lang kreyòl la. Fè atansyon,
eskrab pwofesè Ozetazini yo sèvi a se an angle li ye. Lang elèv yo pi konprann. M panse nan lòt
peyi ki sèvi ak jwèt eskrab la nan lekòl yo, yo sèvi a lang elèv yo pi konprann. Se konsa yo vin fò
nèt nan matematik oubyen eple mo. Tout sa posib pou timoun e tout moun ann Ayiti tou. Men
pou l posib, se pou Ayiti sèvi ak lang kreyòl la nan lekòl yo, lang moun yo pi konprann.
Iv Dejan di lang se chemen konnen pou moun ki deja konn lang lan. Lang se baryè konnen
pou moun ki poko konn lang lan (Dejan 2006: 191). Ki jan pou elèv lekòl Ayiti yo vreman
aprann oubyen konnen si yo pa sèvi avèk lang yo pi konprann? Ki jan li posib? Se pou Ayiti
rekonèt sa kreyòl vle di pou peyi a. Se pou Ayiti rekonèt sa kreyòl ka fè pou peyi a. Kreyòl se
lang Ayiti, lang yo pi konprann pase lòt.
Bibliyografi :
Dejan, Iv. 2006. Yon lekòl tèt anba nan yon peyi tèt anba. Pòtoprens: FOKAL.
“National School Scrabble Program, 2007.” Scrabble. 2007. 1 Dec. 2007
<http://www.hasbro.com/games/adult-games/scrabble/home.cfm?page=school>.
Casseus 4
Casseus 5
Yon Chans Pou Yon Chanj
Maisha Champagne, Inivèsite Laflorid
1. Entwodiksyon
Jodiya, lè nou gade jan Ayiti ye kounye a, nou wè anpil pwoblèm avèk sante pep
la, moun ki pa gen lajan pou manje, e gouvènman an ki pa fè anyè pou yo. Men,
Ameriken pa we lòt ki pwoblèm Ayiti genyen ki bay menm degre de pwoblèm, e se avèk
edikasyon timoun yo e alfabetizasyon de Ayiti. On gwo pousantaj de pèp la pa alfabetize.
Nan yo ki ka li, majorite yo pa ka li nan kreyòl, lang peyi a. Dejan di nan liv li ke sa se
paske sistèm edikasyon nan Ayiti pa travay men li sipoze travay pou timoun yo avanse
nan vi yo. Avèk Franse ke y ap itilize pou alfabetize timoun yo, yo pa nan kondisyon pou
devlope lang kreyòl la. Nan tout tan ke sistèm edikasyon te konsa, nou pa wè anpil efosè
pou chanje li. Men, gen moun tankou Dejan e Valdman ki bay yon ti fòs pou edike
Ayisyen nan Ayiti e nan Ozetazini sou chanjman nou bezwen. Avèk nouvo jwèt sa yo
rele Mò Kwaze Kreyòl Ayisyen, nou ka wè on lot chans pou pèp d’Ayiti alfabetize nan
lang yo e pa nan Franse.
Jwet Mò Kwaze se yon jwèt nouvo, men li jwenn yon ti popilasyon sou Inivèsite
Laflorid ki wè li deja. Moun la a aksepte jwèt sa, men nou pa konn si moun nan Ayiti ap
aksepte l. W ap gen moun ki ka di ke se yon jwèt ki vreman estipid e yo p ap jwe li. Alò,
w ap gen moun ki pa santi ke li fèt kòrèkteman, paske gen diferan dyalek nan Ayiti.
Moun sa yo ekri e pale diferen nan zonn sa yo. Men sa yo pa konprann, se jwet sa ap ede
moun pa sèlman li e ekri, l ap ede ekonomikman, pati akademik, e sosyete peyi a.
2. Ekonomi d’Ayiti
1
Depi 1980, ekonomi d’Ayiti desann anpil. Nou we plizye chanjman nan
gouvènman an e batay avék diferan sosyete nan peyi a. Se pou rezon sa yo ke Ayiti pa
devlòpe jan li sipoze. Gen anpil etid ki montre jan Ayiti ap tonbe dèyè lòt peyi ki nan
menm sitiyasyon. Plis ke katreven pousant moun nan popilasyon an viv télman pòv, yo
pa ka achte plis pase pen pou manje pou jou a.
Ekonomi an desann plis nan 2001 lè prezidan Aristide te la. Men nou wè
avansman nan 2006 lè Prezidan Preval vini. Plis ke swasant sis pousan plante pou lajan e
pou jwenn manje pou fanmi yo. Ayiti pa wè anpil avansman nan lòt travay tankou travay
pou administrasyon an, oubyen nan lasyans tankou dokte. Men jwèt tankou mo kwaze ka
chanje sa.
Dejan di ke nan Kiba avan 1960, plis ke katreven dis pousan nan popilasyon pa te
konn li, men apre Kastwo vini, li desann nimewo a pou jis ke l rive nan de pousan. Nou
pa konne ki sa Kastwo fé men nou ka wè jan Kiba avanse nan alfabetizasyon pèp la. Si
pèp d’Ayiti jwe jwèt sa e fè lot bagay ki ka fe edikasyon pi fasil, nou ka wè yon
avansman menm jan avèk Kiba.
Alò, alfabetizasyon pèp la ka fòme travay nan diferan pati ekonomi an tankou
administrasyon e lasyans. Plis moun ap konn ki jan pou li, e y ap ka fini lekol pou fè
bagay avèk tèt yo. Jodiya, gen plis dokte ki soti lòt peyi ki nan Ayiti pase dokte ki
Ayisyen. Avèk bagay tankou jwèt sa, nan sèt ou dis ane konn sa, n ap wè plis Ayisyen ki
dokte, ki avoka, e ki pwofesè. Alò moun sa yo ap ede ekonomi d’Ayiti. Ayiti ap avanse e
lòt peyi p ap gade l move jan.
3. Diferans nan Sosyete
2
Menm jan jwèt la ap ede ekonomi a, l ap bay yon kout men nan sosyete d’Ayiti.
Jodiya, ou ka achte jwèt ki rele mo kwaze nan san venteyen peyi diferan, e ou ka jwenn li
nan ventnèf lang diferan. Men pou ki sa nou pa genyen l nan kreyòl? Depi mil nèf san
katreven, popilasyon an t ap gwose rapidman. Jodiya, gen plis ke uit milyon moun. Pou
rezon sa, gen Ayisyen ki kite ale nan lòt peyi. Sa vle di ke Ayisyen anvayi lòt kote.
Radyo nan Ayiti kounye a fèt nan kreyòl e nou ka wè yon ti chanjman nan kilti peyi a.
Apre Aristide ale, Ozetazini ak lòt peyi voye èd pou moun yo. Yo jwenn avèk moun yo ki
rete nan Port-au-Prince, avèk moun abitan yo ki rete nan mòn yo.
Si se posib pou jwenn avèk moun sa yo, sa vle di ke jwèt la ka jwenn avèk yo tou.
Jwèt la ka asiste abitan yo aprann kreyòl kòrèkteman. Li ka ouvri je yo pou yo wè lòt pati
Ayiti genyen pou ofri yo. Si li ka edike moun, li ka chanje jan sosyete Ayiti mache. Gen
yon ti popilasyon Ayisyen ki gen yon travay, yon bèl kay, avèk yon bon ti machin. Men,
gen yon gwo popilasyon ki pa gen yon kay, yon travay, avèk yon machin pou fanmi yo.
Si nou edike moun yo, nou ka wè moun k ap eseye fè yon chanjman avèk vi yo. Menm si
yo pa gen anyen, y ap fè efò yo pou kite povrete a. Mwen panse se pou rezon sa ke nou
wè anpil moun ki pòv. Wi, yo pa gen lajan pou tèt yo, men gen moun ki pa konn ki sa yo
ka fè pou ede tèt yo.
Ou ka jwe jwèt la sou òdinatè, epi ou ka achte yon ti jwèt pou lè ou pati. Sa ka ede
timoun nan lekòl aprann pi fasil. Li ka gen mo pou tout subji yo. Menm granmoun yo ka
jwe. Jwèt la fet avèk gwo lèt pou moun ki pa ka wè tèlman byen. Si jwèt la fèt nan jan
diferan, ou ka gen yon mo kwaze pou lasyans, yon mo kwaze pou lang, yon mo kwaze
pou sante. Moun ap gen yon bon tan avèk jwèt la, e y ap edike tèt yo an menm tan. Si yo
3
edike tèt yo, Ayiti ap gen mwens moun ki pòv, plis moun ki edike e ki fini lekòl, e yon
chanjman nan sistem sosyete.
4. Akademik sou Agòch, Timoun Sou Adwat
Menm si sosyete Ayiti avanse, fòk nou chonje ke premye pwoblèm nou sipoze
gade se timoun yo. Akademik d’Ayiti se kote tout pwoblèm sosyete avèk ekonomi a ale.
Se timoun yo ki soufri lè nou pa gen chanjman nan peyi a. Fòk nou gade si jwèt sa ka
pwòte chanjman an peyi a bezwen.
Nan peyi a, gen swasant sèt pousan nan timoun ki antre nan premye ane lekòl, e
nan pousan sa trant pousan rive nan sizyèm ane lekòl. Avèk plis ke 90 pousan nan lekòl
yo nan Ayiti prive, lekòl sa yo pa jwenn anpil èd nan men gouvènman an. Men, ou ka wè
ke fanmi vle timoun yo fè èfo pou ale paske yo wè lekòl tankou yon kle k ap ouvri pòt
pou chans e pou yon vi ki pi bon. Kounye a, Ayiti jwenn èd nan men lòt peyi avèk plizye
pwogram ki soti O Zetazini, tankou USAID. USAID voye moun ki ede yo vire jan sistèm
edikasyon Ayiti chita jodiya.
Men, tout moun konne ke timoun pa ka rete anpil tan chita nan yon klas ap tande
yon granmoun k ap pale sou bagay tankou lasyans ou istwa. Jwèt sa ka fè timoun vle rete
nan plas yo pou jwe jwèt la, an menm tan pou kontinye nan alfabetisasyon. Si nou gade
byen, jwèt la tankou yon chat k ap tann pou bèt la vini sou li pi pou manje li. Jwèt la ap
tann pou timoun yo vin chita pou jwe avèk li, epi àvan yo konn, jwèt la gen timoun yo. Y
ap wè ke yo p ap fè travay, se jwe y ap jwe. Ozetazini gen jwèt konn sa ki sanble yon
bagay ki pa travay, men se travay li ye paske timoun yo ap atrap yon leson. Se nan menm
4
sans. Avèk jwèt la, nou ka wè plis timoun pase sizyèm ane lekòl, e k ap fini nèt avèk
lekòl.
5. Finisman
Avèk tout sa ki nou wè jwèt la ka ede, fòk nou mande tèt nou èske l ap fèt vreman
e si l ap rete pou anpil tan. Gen bagay, pa sèlman jwèt la, ki konn dèsparèt paske li pa fè
sa li sipoze fè pou sosyete. Se pou rezon sa ke nou gen moun tankou Pwofesè Ben avèk
lòt pwofesè e moun ki etidye bagay konn sa k ap wè ki sa jwèt la manke e ki sa yo ka
chanje pou fè l pi bon.
Te gen yon jwèt nan Ozetazini ki te rele “Hooked on Phonics” e li te ede timoun
aprann li e ekri. Yo te gen jwèt sa nan mil uit san katreven sèt e depase ane sa. Lè li fèk
kòmanse, li pa t jwenn anpil moun ki t ap eseye. Men avèk tan, jwèt la vin pi popilè avèk
timoun. Kounye a, yo gen menm jwèt la, men li ede timoun avèk bagay tankou lang e
matematik. Menm jan, jwèt mo kwaze a ap jwenn yon ti popilasyon k ap jwe li, e avèk
tan popilasyon an ap gwosi.
Lè m reyalize jan jwèt la ap avanse, mwen panse ke l ap monte nan senk ou sis
ane konsa. Mwen kwè ke l ap jwenn popilasyon an li bezwen. Men pou jwèt mo kwaze fè
lajan e pou jwenn moun yo ki bezwen tankou moun abitan yo, fòk li gen anpil moun k ap
travay sou li pou fè l vreman bon. Nan menm tan, fòk li gen moun k ap soti al montre l.
Nan angle yon rele sa “advertisement.” Gen anpil bagay ke moun fè tankou bagay nan
teknoloji, ki pa jwenn yon gwo popilasyon paske li pa t genyen gwoup moun sa yo ki t ap
soti fè lòt moun wè gen yon jwèt kon sa. Apre tout sa, mwen panse sou popilasyon
Ayisyen nan tout lemonn. Eske y ap ede tèt yo avanse nan vi sa?
5
Bibliyografi
Dejan, Ive. 2006. Yon Lekòl Tèt Anba nan Yon Peyi Tèt Anba. Pòtoprens: Fokal.
Jean-Betrand Arisitde. http://en.wikipedia.org/wiki/Jean-Bertrand_Aristide.
Latin America and the Caribbean.
http://www.usaid.gov/locations/latin_america_caribbean/country/haiti/
Valdman, Albert. 2007. Haitian Creole-English Bilingual Dictionary. Albert Valdman:
IN. pg. 306, 743.
6
Yon Chanjman nan Peyi Ayiti
Merline Dieujuste, Inivèsite LaFlorid
“Kreyòl se prensipal chemen konesans pi fò Ayisyen
genyen espesyalman timoun ant 6 an ak 18 an.” -- Iv Dejan.
Entwodiksyon
Nan yon peyi kote majorite moun pale kreyòl, lekòl dwe fèt an kreyòl. Tout aspè
edikasyon dwe an kreyòl. “Nou dwe sèvi ak lang kreyòl la kòm yon mwayen pou elèv aprann li,
aprann ekri, develope konesans yo an divès branch…sa pa fè sans si elèv p ap kapab sèvi ak
kreyòl pou aktivite y ap 0mennen nan peyi yo, nan sosyete yo kote kreyòl dwe gen yon plas
ofisyèl, sitou nan ekriti.” Dejan di nan liv li: “moun deja gen sèten lide sou koze lang nan lespri
yo menm si yo pa konn sa.” Mwen jwenn istwa Dejan bay de mè lekol yo avèk ti kreten yo kòm
pi bon istwa nan liv la. Malgre elèv yo enskri nan lekòl katolik e y ale nan klas relijyon yo toujou
pa konnen sa yo dwe konnen. Akoz mwen di yo pa konnen sa yo dwe konnen sa pa vle di yo sot.
Yo pa konnen anyen nan franse men yo konnen anpil, pale anpil, yo mande anpil keksyon an
kreyòl: sa se lang manman yo.
Òtograf ayisyen
Nan liv, Yon lekòl tèt anba nan yon peyi tèt anba, Dejan esplike jan kreyòl yon lang ki pi regilye
pase lòt lang nan peyi a. Lang angle a genyen 40 fonèm men òtograf angle a ekri li 1120 fason
diferan. Kreyòl pi senp. Nou gen 26 oubyen 27 son deferan ki ekri 7 grenn fason diferan, depi
nan 1980. Lèt a, an, à, e, è, en, o, ò, on, ou bay menm son an nan nenpòt mo ou mete li. Angle
diferan paske li depann sou mo a; 2 mo ki gen menm lèt a ka pwononse diferan. Sa mwen pa
1
kapab konprann se: poukisa nou gen òtograf sa depi lontan men nou pi pito sèvi avèk lang feblès
la (franse).
Ayiti: yon pè lang?
Iv Dejan (Yon lekòl tèt anba nan yon peyi tèt anba) esplike kat pozisyon posib pou lekòl an
Ayiti. Premye pozisyon an mande pou fè lekòl an franse. Ayiti deja nan premye pozisyon; nou
gen sistèm sa deja. Sistèm sa pa travay. Li ap bay move rezilta. Dezyèm pozisyon an mande pou
sistèm lekòl la sèvi avèk kreyòl kòm wout pou franse. Twazyèm nan mande pou Ayiti gen de pè
lang. Gwo peyi ki gwo peyi pa gen pè lang e moun vle pou Ayiti gen pè lang. Li pa fè sans.
Dejan bay nou senk rezon li pa posib pou Ayiti gen pè lang. Poutèt rezon ekonomik, jewografik,
sosyal, pedagojik e tan, Ayiti pa ka gen pè lang. Ayiti pa kole avèk lòt peyi ki pale lòt lang pou
yo ka benyen nan lang nan. Pa gen ase pwòfesè ki pale ni kreyòl ni franse; pa gen ase tan. Dènye
pozisyon an, se pozisyon Dejan ap esplike nan tout liv li a. Lekòl an kreyòl nèt. Lekòl an kreyòl
fè sans poutèt Ayiti se yon peyi kote majorite moun pale kreyòl. Se yon minorite moun ki pale
franse, e yon ti ponyen men moun ki pale kreyòl e franse. Ayiti pa bezwen yon pè lang. Se poutèt
rezon sa Eskrab an kreyòl ta byen ede moun an Ayiti. Nou wè nan tout liv Dejan, li vle konvenk
moun: lekòl dwe fèt an kreyòl. Eskrab se yon jwèt ki trè senp. Mwen wè li tankou yon jwèt
nenpòt moun ka jwe. Li pli senp pou moun ann Ayiti, lang peyi a se kreyòl. Elèv an Ayiti ap pedi
bon ane de konesans poutèt yon sistèm lekòl tèt anba.
Yon lang kapab fikse?
2
Yon pawol mwen jwenn enteresan se lè Dejan ekri yon deklarasyon nan konstitisyon ki:
“…mete yon Akademi pou li fikse lang kreyòl la.” Lang kreyòl la pa ka fikse. Si yon moun vle
ranje yon lang sa vle di lang la gen yon pwoblem. Kòman ou fiske yon lang? Lang kreyòl la pa
kraze. Dejan di nou: “jou yo fikse [yon lang] se mouri yo mouri. Li esplike lespri moun toujou ap
fè mouvman, e lang lan an mouvman avè l. Dejan founi nou avèk yon solisyon pou pwoblèm
fikse lang la. Li di: “Yo [gouvènman] mete yon biwo, nan inivèsite leta a, pou li fikse yon
pwogram etid ak rechèch sou lang kreyòl la. Dekwa pou etid ak rechèch sa yo fèt anfòm, ann òd
epi selon prensip lasyans, e pou leta depanse lajan ki nesesè pou rechèch sa yo.”
Eskrab nan peyi Ayiti
Eskrab se yon jwèt ki ta byen bon pou moun ann Ayiti men fòk jwèt la akomode timoun
kòm granmoun; granmoun ki pa pase ban lekòl. Moun ki pale yon lang gen pouvwa pou yo
“rekonèt si fraz byen anfòm, oubyen si yo pa anfòm nèt.” Sa se avantaj moun ann Ayiti,
espesyalman elèv yo, ki jwe Eskrab an kreyòl ap genyen. Avantaj sa ap ede yo aprann ekri.
Ayisyen ap aprann prensip jwèt la e aprann ekri menm jan san yo pa konnen. Jwèt Eskrab an
angle enpòtan pou Ameriken. O Zetazini Eskrab kapab ede timoun kòm granmoun aprann eple
mo ann angle e li ka ede yo ekri tou. Menm bagay Eskrab fèt an angle, li kapab fè an kreyòl.
Eskrab an kreyòl se teknoloji Ayiti bezwen pou moun ka alfabetize nan peyi Ayiti. Jwèt la ta pi
benefisye elèv ann Ayiti ki chita nan lekòl ki fèt pou franse. Nan liv, “Yon lekòl tèt anba nan yon
peyi tèt anba,” Dejan esplike jan elèv ki ann Ayiti pa aprann an kreyòl; sa vle di granmoun yo
pa te aprann li e ekri kreyòl ositou. Entansyon jwèt la se pou moun ki ap jwe a fè mo avèk lèt yo
te chwazi nan yon chache san gade. Nan fè sa jwè a aprann ekri mo li konnen e sa li pa te
konnen. Elèv kapab sèvi avèk kòm yon aktivite estra pou elèv fè lakay yo. Li ta yon bon lide si
3
pwofesè lekòl yo ta sèvi avèk Eskrab kòm yon jan pou elèv aprann vokabilè. Eskrab se yon jwèt
kote tout fanmi ka jwe.
Eskrab an kreyòl ta ede alfabetize Ayisyen pi vit pase lekòl te anba ki ann Ayiti. Mwen
wè Eskrab se yon pi bon altènativ pou timoun ak granmoun. Ayisyen ki pa gen tan ale chita nan
bann lekòl. Li pi bon pase chita nan bann lekòl paske elèv lekòl pa menm konprann sa y ap
aprann nan lekòl tèt anba.
Eskrab e òtograf
Dejan bay yon egzanp de kèk son mo an kreyòl fè. Nan jwe Eskrab moun ka aprann fè son mo e
son sa yo ka rete avèk yo e yo kapab kòmanse ekri kreyòl. M ap sèvi avèk tèt mwen pou yon
moman kòm egzanp. Mwen konnen mwen pa konn eple anpil mo an kreyòl, men pandan mwen
kòmanse jwe Eskrab mwen aprann pwononse lòt mo moun ki ap jwe yo eple. Li mwen
pwononse mo sa yo mwen ka chwazi se pou m mande moun nan defi oubyen si mo yo ekri a
bon. Jan mwen tande son mo yo rete avèk mwen e mwen ka ekri yon fraz sou son mwen tande.
Konklizyon
Dejan di nou nan dènye chapit la: leta se nou, nou se leta. Nan sans sa, se Ayisyen ki fè
leta, sa vle di leta dwe travay pou pèp ayisyen an; pou benefisye pèp ayisyen an. Nan peyi Ayiti,
gen yon sèl lang, si nou ta sèvi avèk li, nou ta byen avanse. Ayiti pa tankou lòt peyi, pa gen de
lang. Se yon sèl lang. Nou te ka yon peyi ki pwodui elèv entelijan. Olye nou nimewo 200 nan lis
peyi ki fò nan akademi, nou ta nimewo 3, 4 oubyen 5. Dejan konvenk mwen depi nan premye
4
paj lè li di pou lekòl fèt an kreyòl. Anpil moun ap fache si kreyòl ta ranplase franse men kreyòl
se sa ki bon pou elèv an Ayiti. Ayiti bezwen yon chanjman e liv Dejan se premye pa pou
chanjman sa.
5
Ki Koze Alfabetizasyon Sa?
Mynoucka J. LaFalaise, Inivèsite Laflorid
Ayiti se yon peyi ki akonpli plizyè bagay ke menm lòt peyi jodi a poko akonpli.
Kòm premye peyi Nwa ki jwenn endepandans li, Ayiti se yon peyi ki vrèman fè pwogrè.
Malgre Ayiti rive nan pwen endepandans, sistèm lekòl ki egziste kounye a pa benefisye
elèv lekòl yo. Nan liv ki rele Yon lekòl tèt anba nan yon peyi tèt anba, Iv Dejan diskite
sitiyasyon ki nan lekòl peyi d Ayiti. Malgre tout moun Ayiti leve e benyen nan lang
kreyòl, yo pèsiste fè lekòl yo an franse. Sa se yon enjistis ki fèt nan peyi a e genyen anpil
solisyon nou ka itilize kòm moun ki apresye edikasyon pou ranje pwoblèm nan.
Yon metòd ki ka ede ranje pwoblèm nan sistèm lekòl Ayiti
Yon bon sistèm edikasyon se yon bon fondasyon pou yon peyi. Li enposib pou panse ke
nan yon sèl jou, tout moun ki rete nan peyi d Ayiti ka alfabetize, men se ti pwogrè yon sèl
moun konmanse ki ka chanje e ranje sistèm lekòl la. Lè yon moun aprann li e ekri, li
ouvè pòt ke anpil moun pa t janm kwè te ka egziste. Li p ap fè sans si pou mwen ta rele
pwoblèm lekòl Ayiti a senp. Lè koze kilti yon moun se rasin pwoblèm nan, pou yon
moun kreye yon solisyon vin yon jan konplike. Anpil moun ki abite Ayiti kounye a
toujou genyen mantalite ke Franse se yon lang ki pi siperyè pase lang kreyòl; epi kreyòl
se yon lang tout moun deja atrape. Pou yon moun ki pa rete nan peyi a, li ka sanble
tankou ide sa ridikil. Lè se avèk ide sa yon moun leve, menm si li ka pa yon bon ide, li ap
vrèman difisil pou chanje. Elèv ki ap etidye pwoblèm ki nan peyi d Ayiti vle ede moun
ki nan peyi a e chanje sistèm lekòl la devlope yon jwèt ki ka ede sitiyasyon an. Non jwèt
1
sa rele Eskrab. Jan jwèt sa devlope, yon moun ka aprann diferan mo e an menm tan
patisipe nan jwe jwèt sa. Ayiti genyen yon kilti kote jwe jwèt vrèman popilè. Eskrab se
yon jwèt kote tout moun ka jwi lè yo ansanm e aprann diferan mo an menm tan. Lè yo
aprann diferan mo sa yo, vokabilè yo ap genyen plis varyete. Se avèk ti efò sa yo Ayiti
ap kapab grandi e rezidan ki rete nan peyi a ap kapab kòmanse apresye edikasyon.
Diferans ant lekòl Ayiti avèk lòt peyi
Timoun o Zetazani kòmanse ale lekòl kòmase nan laj 4 an. Dejan di nan liv li a ke distans
elèv timoun o Zetazani yo rive nan yon sèten laj, yo deja benyen nan plizyè diferan mo
epi vokabilè yo grandi avèk chak jou ki pase. Se konsa Ayiti bezwen ankouraje elèv
timoun yo pou yo aprann diferan mo e renmen aprann. Timoun yo ka pa t janm genyen
chans renmen tèt yo si yo pa janm tande mo ankourajman epi si yo pa genyen abilite
aprann diferan bagay nan lekòl yo. Jwèt sa se pa yon jwèt yo moun ap senpleman jwe
pou yo pa janm aprann anyen ladan li. Jwèt sa ka chanje kondisyon Ayiti epi tout moun
ka genyen yo nouvo chans aprann li e ekri. Lè reziden Ayiti yo alfabetize, sa va ouvè
yon lòt pòt pou yo e plizye opòtinite ke yo pat janm kwè ta vin posib pou yo. Plizyè
imigran Ayisyen ki ale nan diferan peyi, pa t janm genyen chans pou yo aprann paske yo
pa t janm aprann li e ekri nan lang manman yo. Paske yo pa konnen li menm, li vin pi
difisil pou yo aprann yo lòt lang.
Solisyon pou Ayiti: Eskrab
2
Plizyè moun ka di ke yo pa wè kijan yon jwèt ka fè tout chanjman sa. Malgre
rezon moun jwe diferan kalite jwèt se paske yo vle fè konpetisyon avèk kamarad yo, jwèt
Eskrab la bay moun yo opòtinite pou yo aprann vokabilè kreyòl la Sitiyasyon
nan peyi Ayiti fè li pi difisil pou moun ale lekòl. Nan liv Yon lekòl tèt anba nan yon peyi
tèt anba, Dejan pale sou diferan pwoblèm sistèm lekòl la genyen. Nan lekòl yo, pwofese
yo fè leson an franse;yon lang ke majorite timoun Ayiti pa konprann.
Sa ki ap yon pi gwo benefis nan jwèt Eskab la, se ke jwèt la fèt an kreyòl, yon lang tout
timoun ann Ayiti konprann. Kreyòl se yon lang tout moun konprann paske se avèk lang
sa yo leve. Tan e pwoblèm ekonomik, se de gwo pwoblèm ki rezon ke anpil moun pase
vi yo san yo pa janm ale lekòl. Travay e soufrans pran peyi a, san yo pa janm genyen
chans wè vi yo. Malgre tout pwoblèm sa yo egziste, moun nan peyi a toujou jwenn tan
pou yo jwe yon jwèt. Lè moun pran tan pou yo jwe yon jwèt, li ta nan enterè yo pou yo
jwe yo jwèt ki ka ede yo aprann diferan mo ki nan òtograf kreyòl la.
Vrè Endepandans
Sistèm òtograf ki devlope pou kreyòl pa genyen anpil tan depi li devlope. Menm
jan li pa genyen anpil tan depi li fèt, plizyè moun ann Ayiti rete san yon pa janm ekspoze
avèk sistèm òtograf yon lang ke yo deja konnen. Angiz moun ki genyen edikasyon yo
aprann e montre lòt moun sistèm kreyòl la, yo pran tout tan yo ap etidye franse. Ayiti
genyen endepandans li pou plis ke 200 ane, li lè pou yo vrèman pran endepandans yo nan
men Lafrans. Vrè endepandans se lè tout moun ka alfabetize e yo ka vin moun endepan
ki ka ede tèt yo. Lè yon moun pa konn li, li fè li vrèman difisil pou yo fè pwogrè. Sa ki
pi mal, se Frans pa kenbe men moun Ayiti pou yo pa aprann lang yo, men plizyè “lelit”
3
ann Ayiti pa reyalize ke lang kreyòl la nesesè pou devlòpman peyi a. Tout lòt peyi fè
lekti yo nan lang manman yo, men Ayiti rete dèyè e yo fè lekti yo nan yon lang etranje.
Se pou tout rezon sa yo devlòpman jwèt sa vrèman enpòtan pou Ayiti.
Li pa janm twò ta pou fè pwogrè nan yon peyi ki genyen pwoblèm. Sa ki pi mal,
se lè tout moun wè yon pwoblèm epi yo pa janm fè anyen pou yo ranje sitiyasyon an.
Lekòl ann Ayiti poko rive nan yon pwen kote yo pa kapab ede elèv yo vin konpetan nan
òtograf kreyòl. Tout moun dwe genyen yon chans pou yo aprann. Edikasyon kapab
ouvè yon pòt pou plizyè moun. Anpil moun nan lòt peyi pa janm reyalize ki jan yo beni
pou yo genyen yon chans jwenn yon bon edikasyon. Si ou mande moun nan peyi d Ayiti,
anpil nan yo ap di ou ke yo anvi aprann. Li pa fè sans ke menm moun ki rele tèt yo
Ayisyen, se menm moun sa yo k ap fè mechanste epi y ap kenbe moun ann Ayiti ann
esklavaj toujou. Esklavaj pa egziste kòm yon gwoup moun kap eseye kolonize yon lòt
gwoup moun. Men jan li egziste nan peyi Dayiti se ke toujou genyen moun kap kontwole
majorite moun ki abite nan peyi a. Genyen yon minorite moun ann Ayiti ki pale franse.
Gwoup moun sa yo vle pou majorite moun ann Ayiti itilize franse kòm lang yon pale
nòmalman. Dejan di ke plis pase katrevandis pousan moun pa konprann franse menm
ann Ayiti. Pousantaj sa a, enkli yon seri pwofesè ki pa vrèman konprann franse pou tèt
pa yo. Lelit ann Ayiti kwè se yon byen y ap fè lè yo kenbe lang franse kòm lang pou fè
lekti ann Ayiti. Lè yon moun pa bay lòt moun opòtinite pou yo aprann, se kòmsi se nan
esklavaj ou kenbe yo. Plizyè ewopeyen lontan pa t kite esklav yo aprann nan lekòl paske
yo te kwè ke esklav yo t ap revòlte. Kòm yo jan pou yo kontwole yo, yo pat kite yo
jwenn konesans.
4
Yon sitiyasyon ki byen grav men li pa twò ta
Sijè ke Dejan diskite nan liv li a pa t an ven. Sitiyasyon nan lekòl Ayiti bezwen
chanjman. Elèv yo bezwen delivrans. Si yon jwèt kòm eskrab kapab fè yon diferans nan
lavi moun ann Ayiti, se prèske yon enjisitis ki t ap fèt si nou pa distribiye jwèt sa nan peyi
a. Pa genyen rezon nan ane 2007 pou moun pa kapab jwenn yon bon edikasyon. Valè
kòb ki depanse sou rad, bijou, avèk lòt bagay ki pa itil moun anyen, pa genyen rezon pou
Ayiti pa ta jwenn sipò pou elèv yo ka jwenn yon edikasyon. Lè a rive pou chanjman sa
fèt. Se tan kap gaspiye e moun ap mouri anvan yo jwenn yo chans jwi pi bon kado ke
Bondye bay. Kado sa se lè yon moun aprann yon bagay yo kapab kenbe avèk yo pou tout
vi yo.
Bibliyografi
Dejan, Iv. Yon Lekòl Tèt Anba Nan Yon Peyi Tèt Anba. Pòtoprens: FOKAL (Fondasyon
Kilti Ak Libete), 2006.
5
Mo Kwaze ak Iv Dejan Theresa Murray, Inivesite Laflorid
1. Sistèm gramè ak Mo Kwaze
Tankou Dejan, m kwè moun konnen sistèm sentaks ak sistèm gramè menm si yo pa
konnen yo konnen sa nan tèt yo. Mwen kwè, menm si moun pa kapab li ak ekri, yo konnen ki
jan pou pale pou lòt moun kapab konprann yo. Depi moun benyen nan yon lang, epi sèvi ak yon
lang, menm si yo trè piti, y ap konnen si bagay y ap di pa fè sans nan lespri yo. Tout ti egzanp
Dejan bay esplike sa nan yo bon jan, epi m te byen kontan e m te konprann Dejan (lè sa a).
Dejan di yon bèl bagay lè li pale sou moun ann Ayiti ki pa gen vokabilè franse nan tèt yo.
Paske moun ann Ayiti leve nan kreyòl, se sistèm gramè sa a yo ta dwe sèvi avèk. Se byen terib,
lekòl ann Ayiti ap fè tèt timoun pete paske yo fè lekòl an Franse. (M vle di ke m pat konprann
Franse a Dejan te ekri— pou ki sa li fè sa?) Pwofesè yo ta kapab esplike yon kantite gwo bagay
difisil nan kreyòl, epi tout timoun yo ta kapab vrèman vre aprann. Pwofesè yo pa ta bezwen
grennen lang Franse a san timoun yo konprann lide a. Tout peyi a ta kapab avanse paske sèvo
moun ki te gen tan ale nan lekòl ta kapab ede lòt moun (ki pa gen edikasyon) ranje bagay nan
Ayiti. Lè se repete w ap repete yon bagay ki pa fè okenn sans, ki jan w ap kapab konprann ni
aprann anyen? Sitiasyon sa a se yon gwo betiz, epi viktim betiz la se tout timoun nan lekòl ann
Ayiti!
Si m panse sou Mo Kwaze, m kwè nepòt jan moun ann Ayiti kapab vin li ak ekri se yon
bon bagay: Mo Kwaze bay yon chans pou sa. M kwè Dejan ta byen kontan si kreyòl ta vini pi
rekonèt (epi pi respekte) nan lavi moun nan Ayiti epi yon jwèt se yon bon jan pou prezante yon
lide san moun konnen se edikasyon vre. Si nou ta fè timoun konnen jwèt la, nou ta kapab fè
granmoun enteresen ladann tou.
1
2. Mo Kwaze nan legliz
Lè m panse sou Dejan pou semenn sa a, m kwè Dejan ta kontan si nou ta kapab fè Mo
Kwaze yon bagay moun ta kapab jwenn nan legliz, oubyen apre legliz, lè tout moun ap pale epi
fè ti koze yo. Dejan te ekri sou moun nan legliz, epi li di nou si yo pa vle vin tèt anba (tankou
sistèm lekòl), yo te bezwen fè legliz nan kreyòl paske se sa tout moun konprann vreman. M kwè
anpil moun nan Ayiti konn ale nan legliz, epi si nou ta mete Mo Kwaze nan kote sa a, anpil
moun ta kapab vin aprann sistèm òtograf kreyòl. Nou ta kapab rele li yon pwojè pou lasante
kominotè a, epi moun konn respekte bagay konsa. Si granmoun ak timoun jwenn jwèt sa a nan
yon legliz, yo ta kwè li te yon bon bagay, pa yon jwèt pou moun nan lari. Nou ta kapab
popilarize jwèt la konsa.
3. Mo Kwaze se yon zouti
Dejan pale nan chapit sa yo sou plizyè lòt lang ki pi konplike pase kreyòl. Paske Dejan se
yon moun ki lengwis, epi m wè li fè anpil tan panse ak pale sou kreyòl (ak lòt lang), m kwè l ap
bay verite. Li di nou kreyòl sèvi ak 26 oubyen 27 son diferan, epi li gen yon bon sistèm òtograf
ki ofisyèl, modèn epi regilyè depi 1980. Pou rezon sa a, nou ta kapab montre moun ann Ayiti ki
jan pou yo vin li ak ekri an bon kreyòl pi fasil pase franse. Mo Kwaze a bay nou yon zouti pou
sa. Lè moun ap konpoze ti mo yo, y ap aprann kanmenm. Nou ta sèlman bezwen te gen moun
kap jwe ki konn li ak ekri kreyòl (epi ki fò ladan). Si nou ta mete yon ti diksyonnè nan jwèt la, li
ta fè li pi fasil pou moun lè y ap aprann.
M panse nou ta dwe jwenn moun pou fè envèstisman nan jwèt Mo Kwaze paske san
lajan, lap difisil pou nou mete l nan men moun Ayiti yo.
2
4. Tout lekòl ta dwe fèt an kreyòl
M byen kontan nou fini ak Dejan kounye a. Lè m panse sou liv la, m wè Dejan se yon
moun ki edike, epi m kwè li se yon nonm ki gen anpil lespri. M wè li panse sou anpil bagay
enpòtan moun ta dwe gade. M dakò avek li lè li di tout lekòl ann Ayiti ta dwe fè tout pwofesè yo
fè tout leson an kreyòl. Men, li bezwen tande lide sa a: li pale anpil sou menm bagay plizyè fwa,
epi sa kapab anbete moun lè y ap li yon liv. Dejan bezwen konnen tout moun pa gen tèt di! Li pa
bezwen di nou koze li a swasanndisèt fwa sèt fwa, non!
M kwè Dejan bay bon rezon ki esplike pou ki sa Ayiti pa kapab vin yon peyi ki gen pè
lang. Menm si Ayiti kontinye itilize franse ak kreyòl, li di nou pa gen yon lòt peyi ki fè sa
kounye a. Li pa pratik pou yon peyi ale chache yon lang etranje lè yo deja gen yon bon lang yo
kapab sèvi avèk. Si Ayiti vle fè timoun vin granmoun ak bon sèvo, se pou yo ranje sistèm lekòl
la. Se pou tout moun ann Ayiti jete vye lide ki di kreyòl pa bon, oubyen franse a pi bon pase
kreyòl.
5. Mo Kwaze kapab ede moun
Mo Kwaze a kapab ede moun ann Ayiti vin pi alèz ak kreyòl pou lang prensipal e ofisyèl.
Lè moun lelit yo wè kreyòl kòm yo gwo chèf jwèt, moun sa yo pa kapab di lang kreyòl pa yon
vre lang. Moun lelit yo pral wè nan je yo kreyòl la se yon bèl lang ki gen bon òtograf. Moun ki
rete an deyò kapab wè menm bagay la, epi yo kapab kenbe tèt yo wo, menm si yo pa konn pale
franse a. Si tout pèp Ayisyen yo te konnen yon bel jwèt tankou Mo Kwaze an kreyòl t ap
pwodui nan yon lòt peyi, tankou Zetazini, jwèt la ta kapab montre tout moun yo genyen yon lang
ki vreman vre. Men, m kwè li ta pi bon si Ayiti ta pwodui jwèt la paske lajan an ta kapab ede yo.
3
6. Ki jan n ap jwe Mo Kwaze
M kwè li trè enpòtan pou nou vin konprann ki jan nou pral jwe Mo Kwaze. Lè nou t ap
pale sou sa nan klas Ayisyen, nou te wè ki kalite pwòblem nou kapab jwenn lè nou jwe fonetik,
oubyen pa fonetik. M kwè li ta byen si nou ta kapab jwe anpil jwèt fonetikman, epi anpil pa
fonetikman pou nou kapab wè ki jwèt pase pi bon. M kwè li pral pran tan pou nou kapab wè ki
jan ta pi fasil epi pi bon. Se pou nou devlope yon rezon ki fè sans pou youn oubyen lòt. M kwè li
ta yon bon bagay si nou ta pale ak yon moun ki devlope Mo Kwaze nan yon lòt lang ki ta kapab
pale sou sa pi byen. Se pou jwèt la bay yon jan pou mete mo ak plizyè let, epi lè m tap jwe, m wè
sa tré difisil. M pa konnen si yon jan kapab fè jwèt la bay pi bon chans pou mete pi gwo mo.
Alfabetisasyon se yon bagay tout moun bezwen vin konnen. Lè m te tande nan klas 50%
moun ann Ayiti pa konn li ekri, m vin sezi. Ak Mo Kwaze, nou kapab fè yon diferans nan lavi
moun sa yo ann Ayiti. Nou kapab ede anpil moun ki p ap jwenn yon lòt chans pou fè sa. Anpil
moun pòv p ap janm jwenn yon edikasyon nan lekòl, men m kwè anpil moun kapab jwenn jwèt
sa a . Moun ki konn alfabetize kapab jwenn pi bon djob, epi yo kapab fè plis lajan. Si nap mete
plis lajan nan men moun pòv, n ap fè yon bagay ki vreman bon.
7. Se Ayisyen mwen ye
M wè menm, m renmen jwe Mo Kwaze an kreyòl. Lè m ap jwe, m santi m konn kreyòl
la. M santi sa nan kò mwen, nan kè mwen epi nan lespri mwen. Li fè m kontan paske m konnen
se moun Ayisyen m ye. Pa gen anpil moun ki kapab di sa. Manman mwe pa te kontan li te
Ayisyen, epi sa rete avèk mwen. Lè m nan klas Ayisyen epi lè nap jwe, m konnen se moun
Ayisyen mwen ye. Se pwofesè nou ki fe sa pi fasil paske se yon bon, bon pwofesè Ben ye!
4
Bibliyografi
Dejan, Iv. 2006. Yon Lekòl Tèt Anba nan Yon Peyi Tèt Anba Potoprens: Fokal
5